Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 19

Epi Job te reponn:

Pou konbyen de tan, nou va toumante m,

e kraze mwen avèk pawòl yo?

Dis fwa sa yo nou te ensilte m;

nou pa menm wont fè m tò.

Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.

Si anverite nou vin 1ògeye kont mwen,

e fè m wè prèv a gwo wont mwen,

alò, konnen byen ke 2Bondye te fè m tò,

e te fèmen 3pèlen Li an antoure mwen.

“Gade byen, 4mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.

Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.

Li te 5bare chemen mwen pou m pa kab pase,

e Li te mete fènwa sou pa m yo.

Li te retire lonè sou mwen e

te retire kouwòn nan sou tèt mwen.

Li 6kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;

Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.

Anplis, Li te 7limen lakòlè Li kont mwen

e te 8konsidere m kon lènmi Li.

Lame Li a vin rasanble pou 9

bati chemen pa yo kont mwen.

Yo fè kan kap antoure tant mwen an.

“Li te retire frè m yo byen lwen mwen

e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.

Fanmi mwen yo vin fè fayit

e pi pwòch 10zanmi m yo te bliye m.

Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo

konsidere m kon yon etranje.

Mwen se yon etranje menm nan zye yo.

Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;

mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.

Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,

e mwen vin abominab a pwòp frè m.

Timoun yo meprize mwen.

Mwen leve e yo pale kont mwen.

Tout 11asosye m yo etone ak krent devan m.

Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen. 12

Zo m yo kole sou po m ak chè m;

se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.

“Gen pitye pou mwen, gen pitye,

O nou menm ki zanmi mwen yo,

paske 13men Bondye vin frape mwen.

Poukisa n ap 14pèsekite mwen menm tankou Bondye

e pa satisfè ak chè mwen.

O ke pawòl mwen yo te ekri!

O ke yo te 15enskri nan yon liv!

Ke avèk pwent plim ak plon,

yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!

Men pou mwen, mwen konnen ke 16Redanmtè mwen an vivan.

Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.

Menm lè po m fin detwi,

malgre chè m fin sòti,

mwen va 17wè Bondye nan chè a;

ke mwen, mwen menm va wè,

ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.

“Kè m 18vin fèb anndan m.

Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’

pwiske rasin ka sa a se nan mwen,’

fè lakrent 19nepe a pou kont nou,

paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.

Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

Source notes (19)
  1. Cross-reference Sòm 35:26
  2. Cross-reference Job 16:11
  3. Cross-reference Lam 1:13
  4. Cross-reference Job 30:20-24
  5. Cross-reference Job 3:23
  6. Cross-reference Job 12:14
  7. Cross-reference Job 16:9
  8. Cross-reference Job 13:24
  9. Cross-reference Job 30:12
  10. Cross-reference Job 19:19
  11. Cross-reference Sòm 38:11
  12. Cross-reference Sòm 102:5
  13. Cross-reference Job 1:11
  14. Cross-reference Job 13:24-25
  15. Cross-reference És 30:8
  16. Cross-reference És 43:14
  17. Cross-reference I Kor 13:12
  18. Cross-reference Sòm 73:26
  19. Cross-reference Job 15:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.