Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 20

Epi Tsophar, Naamatit lan, te reponn:

“Akoz sa a, tout refleksyon k ap boulvèse m yo, fè m fè repons,

menm akoz tout anndan m tèlman ajite.

Mwen tande 1repwòch ki fè m wont.

Konsa, lespri bon konprann mwen fè m reponn.

Èske ou pa konnen bagay sa a depi nan 2tan ansyen an,

depi lòm te mete sou latè,

Ke 3viktwa a mechan yo kout,

e 4jwa a enkwayan an se pou yon moman?

Malgre wotè li ta 5rive nan syèl la,

pou tèt li ta touche nwaj yo,

l ap 6peri nèt tankou fatra.

Sila ki te konn wè li yo va di: ‘Kibò li ye?’

Li vole ale tankou yon 7rèv, e yo pa kab jwenn li.

Menm tankou yon rèv lannwit, li fin 8chase ale. 9

Zye ki te wè l la pa wè l ankò,

e plas li a pa gade li ankò. 10

Fis li yo fè byen pou malere yo,

e men yo 11remèt byen li yo. 12

Zo li yo plen ak fòs jenès li,

men li kouche ansanm avè l nan pousyè a.

“Sepandan, 13mechanste dous nan bouch li

e li kache li anba lang li,

Li pito mal la, e refize lage l,

men kenbe li 14nan bouch li,

men manje nan vant li vire.

Li tounen pwazon vipè anndan l.

Li te vale richès,

men 15vomi fè yo retounen vin parèt.

Bondye va fè yo sòti nan vant li.

Li souse 16pwazon koulèv yo;

lang a vipè a kap touye li.

Li pa gade 17 dlo yo ankò,

ni rivyè ki koule yo ak siwo ak bòl lèt yo.

Li 18remèt sa ke li te pran an.

Li pa kab vale l.

Afè richès a komès li yo,

li pa kab menm rejwi de yo.

Paske li te 19oprime e abandone malere yo.

Li te sezi yon kay ke li pa t bati.

“Akoz li pa t kab kalme kè l,

li pat kab 20 kenbe anyen nan sa li renmen.

Anyen pat rete ke li pat devore;

akoz sa a, 21 byen li yo pat dire.

Ranpli ak tout bagay li, li va jennen; 22

men a tout moun ki soufri yo va vini kont li.

Lè li 23 plen vant li, Bondye va voye kòlè fewòs pa Li sou li.

Lapli va tonbe sou li pandan l ap manje.

Li kapab 24 sove ale devan zam fèt ak fè a,

men banza fèt an bwonz lan va tire frennen l.

L ap rale sòti parèt dèyè do li,

menm pwent glise a soti nan fyèl li. 25

Gwo laperèz va parèt sou li.

Fènwa nèt rezève kon trezò li,

e 26 flanm dife san van an va devore li.

Li va manje tout sa ki rete nan tant li an. 27

Syèl yo va revele inikite li

e tè a va leve kont li. 28

Riches lakay li va pati,

posesyon li yo va ale 29nan jou kòlè Li a.

Sa se 30 pòsyon a moun mechan

k ap sòti nan men Bondye,

sa se eritaj ke Bondye òdone pou bay li.”

Source notes (30)
  1. Cross-reference Job 19:3
  2. Cross-reference Job 8:8
  3. Cross-reference Sòm 37:35-36
  4. Cross-reference Job 8:13
  5. Cross-reference És 14:13-14
  6. Cross-reference Job 4:20
  7. Cross-reference Sòm 73:20
  8. Cross-reference Job 27:21-23
  9. Cross-reference Job 7:8
  10. Cross-reference Job 5:4
  11. Cross-reference Job 27:16-17
  12. Cross-reference Job 21:23-24
  13. Cross-reference Job 15:16
  14. Cross-reference Nonb 11:18-23
  15. Cross-reference Job 20:10-21
  16. Cross-reference Det 32:24-33
  17. Cross-reference Det 32:13-14
  18. Cross-reference Job 20:10-15
  19. Cross-reference Job 24:2-4
  20. Cross-reference Ekl 5:13-14
  21. Cross-reference Job 15:29
  22. Cross-reference Job 5:5
  23. Cross-reference Job 20:13
  24. Cross-reference És 24:18
  25. Cross-reference Job 18:11-14
  26. Cross-reference Job 15:30
  27. Cross-reference Det 31:28
  28. Cross-reference Det 28:31
  29. Cross-reference Job 20:15
  30. Cross-reference Job 27:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.