Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 8

Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:

“Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo

pou 1pawòl a bouch ou fè gwo van?

Èske 2Bondye konn konwonpi jistis la?

Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat? 3

Si fis ou yo te peche kont Li,

alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.

Si ou ta 4chache Bondye e mande

konpasyon a Toupwisan an,

si ou te san tach e dwat;

anverite, koulye a, 5

Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou

jan ou te ye nan ladwati ou.

Malgre, kòmansman ou pa t remakab,

ou ta 6fini avèk anpil gwo bagay.

“Souple, fè 7rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo,

e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.

Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen,

e nou pa konnen anyen,

paske 8jou pa nou yo sou latè

se sèl yon lonbraj ki pase.

Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e

fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?

“Èske jon kab grandi san ma dlo?

Èske wozo konn pouse san dlo?

Pandan li toujou vèt e san koupe a,

l ap fennen avan tout lòt plant yo.

Se konsa chemen a 9tout moun ki bliye Bondye yo.

Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,

sila a ak konfyans frajil la

kap mete konfyans li nan 10 fil arenye a.

Arenye a mete konfyans sou 11lakay li,

men li p ap kanpe.

Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.

Li 12byen reyisi nan solèy la e

gaye toupatou nan jaden an.

Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch;

li sezi yon kay wòch.

Si li vin deplase sou 13plas li,

alò plas li va refize rekonèt li e di:

“Mwen pa t janm wè w.

Gade byen, 14se sa ki fè lajwa chemen li;

epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè a.

“Alò, 15Bondye p ap rejte yon nonm entèg;

ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.

Jiska prezan, Li va ranpli 16bouch ou

avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.

Sila ki rayi ou yo va vin 17abiye ak wont

e tant a mechan yo p ap la ankò.”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Job 6:26
  2. Cross-reference Jen 18:25
  3. Cross-reference Job 1:5-19
  4. Cross-reference Job 5:17-27
  5. Cross-reference Job 22:27
  6. Cross-reference Job 42:12
  7. Cross-reference Det 4:32
  8. Cross-reference Job 14:2
  9. Cross-reference Sòm 9:17
  10. Cross-reference És 59:5-6
  11. Cross-reference Job 8:22
  12. Cross-reference Sòm 37:35
  13. Cross-reference Job 7:10
  14. Cross-reference Job 20:5
  15. Cross-reference Job 4:7
  16. Cross-reference Job 5:22
  17. Cross-reference Sòm 132:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.