Bib Sen An
Job 7
“Èske lòm pa 1oblije fè kòve sou latè?
Èske jou li yo pa tankou jou a yon 2ouvriye jounalye?
Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj,
tankou jounalye k ap tann kòb li,
se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè,
e 3nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
Lè m 4kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’
Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten. 5
Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè.
Po m vin di e li koule pij.
Jou m yo mache 6pi vit ke mach aparèy tise a.
Yo fini 7sanzespwa.
Sonje byen ke lavi m 8pa plis ke yon souf;
zye m 9p ap wè sa ki bon ankò. 10
Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò.
Zye Ou va sou mwen, men 11mwen p ap la ankò.
Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt.
Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a p ap monte ankò.
Li p ap retounen ankò lakay li,
ni 12plas li p ap rekonèt li ankò.
“Akoz sa a, mwen p ap 13met fren nan bouch mwen.
Mwen va pale nan doulè lespri m;
mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
Èske se lanmè mwen ye, oswa 14bèt jeyan lanmè a,
pou Ou te mete gad sou mwen?
Si mwen di: 15‘Kabann mwen va ban m repo,
sofa m va soulaje plent mwen,’
answit, Ou fè m krent ak rèv,
e teworize m ak vizyon;
jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe;
pito lanmò olye doulè mwen yo.
Mwen fin epwize nèt;
mwen p ap viv tout tan.
Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf. 16
Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li
e pou Ou bay ka li enpòtans,
pou 17Ou fè l pase egzamen chak maten e
fè l pase eprèv chak moman? 18
Èske Ou p ap janm sispann gade m,
ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m? 19
Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, 20
Ou menm, ki gadyen lòm?
Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou
jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
Poukisa konsa 21Ou pa padone transgresyon mwen yo,
e retire inikite mwen yo?
Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a;
Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”
Source notes (21)
- Cross-reference Job 5:7
- Cross-reference Job 14:6
- Cross-reference Job 16:7
- Cross-reference Det 28:67
- Cross-reference Job 2:7
- Cross-reference Job 9:25
- Cross-reference Job 13:15
- Cross-reference Sòm 78:39
- Cross-reference Job 9:25
- Cross-reference Job 8:18
- Cross-reference Job 7:21
- Cross-reference Job 8:18
- Cross-reference Job 10:1
- Cross-reference Éz 32:2-3
- Cross-reference Job 7:4
- Cross-reference Sòm 8:4
- Cross-reference Job 14:3
- Cross-reference Job 9:18
- Cross-reference Job 35:3-6
- Cross-reference Sòm 36:6
- Cross-reference Job 9:28
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.