Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 6

Epi Job te reponn: 1

“O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,

ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!

Paske li ta pi lou 2pase sab lanmè yo.

Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.

Paske 3flèch Toupwisan an fin antre anndan m;

lespri m ap bwè pwazon.

Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.

Èske 4bourik mawon ranni sou zèb li,

oswa bèf rele sou manje li?

Èske bagay san gou kapab manje san sèl,

oswa èske pati blan nan ze poul la gen gou?

Nanm mwen 5p ap touche yo.

Yo tankou manje abominab pou mwen.

“O ke sa m mande ta kab rive,

e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!

Ke Bondye 6ta dakò pou kraze m nèt,

ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!

Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen;

wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen,

pou m 7pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.

Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tann?

Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?

Èske fòs mwen tankou wòch,

o èske chè m kon bwonz?

Èske se pa ke nanpwen 8sekou anndan m,

ke tout sajès fin chase lwen mwen?

“Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a,

li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li;

menm a li menm ki 9kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.

Frè m yo te aji ak 10desepsyon kon yon ravin,

kon flèv ravin ki vin sèch;

ki vin sal tankou glas k ap fonn

kote lanèj kon kache.

Nan 11sezon sèch, yo pa la;

lè li cho, yo disparèt sou plas yo.

Chemen a kous pa yo tòde tout kote;

yo monte rive vin anyen;

yo vin disparèt.

Karavàn 12Théma yo te vin veye;

vwayajè Séba yo te gen espwa yo.

Yo 13te desi paske yo te mete konfyans;

yo te vini la, e te etone.

Anverite, koulye a se konsa ou ye;

ou wè laperèz e ou vin pè.

Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’?

Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?

Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’?

Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?

“Enstwi mwen e 14mwen va pe la!

Montre mwen kote mwen gen tò.

Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen!

Men kisa diskou ou a pwouve?

Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo,

lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?

Konsa, ou ta menm 15tire osò pou òfelen yo

e fè twòk pou zanmi ou.

Alò, souple, gade mwen e wè si se 16

manti m ap fè nan figi ou.

Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt.

Retounen kote m! Jiska prezan, 17ladwati mwen rete ladan an.

Èske gen enjistis sou lang mwen?

Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”

Source notes (17)
  1. Cross-reference Job 31:6
  2. Cross-reference Job 23:2
  3. Cross-reference Job 16:13
  4. Cross-reference Job 39:5-8
  5. Cross-reference Job 3:24
  6. Cross-reference Nonb 11:15
  7. Cross-reference Job 22:22
  8. Cross-reference Job 26:2
  9. Cross-reference Job 1:5
  10. Cross-reference Jr 15:8
  11. Cross-reference Job 24:19
  12. Cross-reference És 21:14
  13. Cross-reference Jr 14:3
  14. Cross-reference Sòm 39:1
  15. Cross-reference Jl 3:3
  16. Cross-reference Job 27:4
  17. Cross-reference Job 13:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.