Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 5

“Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn?

A kilès nan 1sen fidèl yo ke ou va vire?

Paske 2rankin va touye moun ki plen foli,

e jalouzi va touye moun senp lan.

Mwen te wè 3moun san konprann ki t ap pran rasin,

e byen vit, mwen te denonse kay li. 4

Fis li yo pa jwenn sekirite ditou;

menm nan pòtay la, yo oprime,

ni pa gen moun pou delivre yo.

Moun grangou yo devore rekòlt li,

e mennen l yon kote plen pikan.

Epi 5pèlen an rete ouvè pou sezi tout byen yo.

Paske 6malè pa sòti nan pousyè,

ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;

paske 7lòm fèt pou gwo twoub,

tankou etensèl dife vole anlè. 8

“Men pou mwen, mwen ta chache Bondye,

pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.

Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan;

mèvèy ki pa kab menm konte yo.

Li 9bay lapli sou tè a,

e voye dlo sou chan yo,

Jiskaske 10Li leve sila ki enb yo,

e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.

Li 11anile manèv a sila ki gen riz yo

pou men yo pa reyisi.

Li 12kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo,

e konsèy a moun k ap twonpe moun nan

vin kontrekare byen vit.

Nan gwo lajounen, yo 13jwenn ak tenèb,

e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.

Men li sove yo de 14nepe a pwop bouch yo,

e menm malere a chape nan men pwisan an.

Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa,

e 15inikite oblije pe bouch li.

“Gade byen kijan nonm

ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.

Konsa, 16pa meprize disiplin Toupwisan an.

Paske se 17Li menm ki blese,

e se Li menm ki retire blesi a;

Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.

Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo;

Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.

Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò,

e nan 18lagè, devan pouvwa nepe a.

Ou va pwoteje devan blese a lang lan,

e 19 ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.

Ou va 20ri devan vyolans ak grangou,

e ou p ap pè bèt sovaj yo.

Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo,

e 21bèt sovaj yo va anpè avèk ou.

Ou va konnen ke 22tant ou an pwoteje,

paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.

Anplis, ou va konnen ke 23desandan ou yo va anpil,

e 24sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.

Ou va 25rive nan tonbo a ak tout fòs ou,

tankou gwo sak ble nan sezon li.

Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye.

Tande sa e konnen l pou kont ou.”

Source notes (25)
  1. Cross-reference Job 15:15
  2. Cross-reference Pwov 12:16
  3. Cross-reference Jr 12:2
  4. Cross-reference Job 4:11
  5. Cross-reference Job 18:8-10
  6. Cross-reference Job 15:35
  7. Cross-reference Job 14:1
  8. Cross-reference Job 13:2-3
  9. Cross-reference Job 36:27-29
  10. Cross-reference Job 22:29
  11. Cross-reference Sòm 33:10
  12. Cross-reference Job 37:24
  13. Cross-reference Job 12:25
  14. Cross-reference Job 4:11
  15. Cross-reference Sòm 107:42
  16. Cross-reference Eb 12:5-11
  17. Cross-reference És 30:28
  18. Cross-reference Sòm 144:10
  19. Cross-reference Sòm 91:5-6
  20. Cross-reference Job 8:21
  21. Cross-reference És 11:6-9
  22. Cross-reference Job 8:6
  23. Cross-reference Sòm 112:2
  24. Cross-reference És 44:3-4
  25. Cross-reference Job 42:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.