Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 4

Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;

Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou,

èske ou va pèdi pasyans?

Men se 1kilès ki kab refize pale?

Gade byen, 2ou te enstwi anpil lòt moun;

ou te ranfòse menm fèb yo.

Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe,

e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.

Men koulye a, se sou ou sa rive,

e ou 3pa gen pasyans.

Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.

Èske se pa 4lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou,

ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?

“Sonje byen 5se kilès ki konn peri inosan?

Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?

Selon sa ke mwen menm te wè, 6sila ki raboure inikite yo,

ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li. 7

Pa souf Bondye, yo peri,

e pa van chalè Li, yo fini nèt. 8

Gwo vwa a lyon fewòs la,

vwa fewòs a lyon an,

e dan a jenn lyon yo fin kase. 9

Pi gran lyon an peri paske li manke manje,

e pitit li yo vin gaye.

“Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen;

zòrèy mwen te resevwa yon 10ti souf li.

Pami 11refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo,

lè dòmi pwofon tonbe sou moun,

laperèz te vini sou mwen.

Mwen te tranble e zo m yo te souke.

Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;

plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.

Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.

Yon fòm te devan zye m.

Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:

'Èske 12lòm kapab jis devan Bondye?

Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?

Menm nan sèvitè Li yo, 13Li pa mete konfyans;

ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.

Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,

ki gen pousyè kon 14fondasyon,

ki vin kraze devan papiyon! 15

Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso;

san yo pa wè anyen, yo peri nèt.

Èske 16kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan?

Yo mouri konsa, san sajès.'

Source notes (16)
  1. Cross-reference Job 32:18-20
  2. Cross-reference Job 4:3-4
  3. Cross-reference Job 6:4
  4. Cross-reference Job 1:1
  5. Cross-reference Job 36:6-7
  6. Cross-reference Os 10:13
  7. Cross-reference És 11:4
  8. Cross-reference Job 5:15
  9. Cross-reference Job 29:17
  10. Cross-reference Job 26:14
  11. Cross-reference Job 33:15
  12. Cross-reference Job 9:2
  13. Cross-reference Job 15:15
  14. Cross-reference Jen 2:7
  15. Cross-reference Job 14:2
  16. Cross-reference Job 8:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.