Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 3

Lè l fini, Job te ouvri bouch li e te modi jou li te fèt la. Job te di: 1

“Kite jou ke m te dwe fèt la peri,

ak nwit ki te anonse ‘se yon gason ki fèt la.’

Ke jou sa a kapab vin fènwa nèt.

Pa kite Bondye anwo a pran swen li,

ni limyè vin klere sou li.

Kite 2fènwa avèk gwo tenèb reklame li.

Kite fènwa jou sa a modi li.

Selon nwit sa a, kite tenèb sezi li.

Kite li pa gen rejwisans nan jou ane a.

Kite li pa antre nan chif ki konte mwa yo.

Koute byen, kite nwit sa a rete esteril.

Pa kite okenn kri lajwa antre ladann.

Kite sila ki konn modi jou yo modi jou sa a,

sila ki prè pou fè Levyatan 3leve kò l.

Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.

Kite li espere limyè, men pa twouve l.

E kite li pa wè maten vin parèt,

akoz li pa t fèmen ouvèti vant manman m,

ni kache twoub devan zye m. 4

“Poukisa mwen pa t mouri lè m te fèt?

Sòti nan vant li e mouri la menm?

Poukisa jenou yo te resevwa m, e poukisa tete a, pou m ta pran?

Paske koulye a mwen 5t ap gen tan kouche pou m jwenn lapè;

mwen t ap dòmi depi lè sa a e mwen t ap twouve repo,

ansanm ak 6wa ak konseye latè

ki te rebati ansyen mazi yo pou kont yo;

oswa avèk prens 7ki te gen lò yo,

ki t ap plen lakay yo ak ajan;

Oswa kon yon fòs kouch ki kache, mwen pa t ap egziste,

kon yon pitit ki pa t janm wè limyè.

La, mechan yo sispann fè laraj,

e la moun fatige yo jwenn 8repo.

Prizonye yo alèz ansanm.

Yo p ap tande vwa a sipèvizè a.

Ni piti, ni gran yo la.

E esklav la lib de mèt li.

“Poukisa 9limyè bay a sila ki soufri a,

e lavi a nanm anmè a,

ki 10anvi wè lanmò, men nanpwen,

e fouye plis pou twouve li pase trezò kache,

ki rejwi anpil e fè lwanj lè yo rive nan tonbo a?

Poukisa limyè bay a yon nonm 11ak chemen an kache a,

ke Bondye te jennen tout kote a?

Paske 12soupi mwen yo parèt menm moman

manje a rive devan zye m.

Epi kri mwen yo vide tankou dlo.

Paske 13sa m krent lan te vini sou mwen.

Sa ke m pa vle wè a te tonbe sou mwen. 14

Mwen pa alèz, ni mwen pa anpè.

Mwen pa jwenn repo,

ni m pa kalm,

men se boulvèsman ki vin parèt.”

Source notes (14)
  1. Cross-reference Jr 20:14-18
  2. Cross-reference Jr 13:16
  3. Cross-reference Job 41:1-25
  4. Cross-reference Job 10:18-19
  5. Cross-reference Job 3:13-19
  6. Cross-reference Job 12:18
  7. Cross-reference Job 27:16-17
  8. Cross-reference Job 17:6
  9. Cross-reference Jr 20:18
  10. Cross-reference Rev 9:6
  11. Cross-reference Job 19:6-12
  12. Cross-reference Job 6:7
  13. Cross-reference Job 9:28
  14. Cross-reference Job 7:13-14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.