Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 37

“Pou sa, menm kè mwen konn tranble.

Li vòltije kite plas li.

Koute, O koute byen bri vwa L,

k ap 1gwonde tankou tonnè

ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.

Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale,

ak loray Li jis rive nan 2tout pwent tè a.

Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò;

Li gwonde ak vwa majeste Li a.

Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.

Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a.

L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.

Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’,

e a 3inondasyon lapli a, Li di:

‘Kontinye tonbe fò’.

Li sele men a chak òm,

pou 4tout moun kab konnen zèv Li yo.

Konsa, tout bèt sovaj va antre nan 5kav yo

e rete lakay yo.

Men sòti nan 6sid, tanpèt la parèt

e nan nò, fredi a.

Soti nan souf Bondye, se 7glas ki fèt,

e sifas dlo yo vin glasi.

Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè 8nwaj la vin lou;

Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.

Li chanje; Li gide l vire tounen

pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout 9sifas tè a.

Se swa pou 10koreksyon, oswa pou mond Li an,

oswa pou 11lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.

“Tande sa byen, O Job;

Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.

Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo,

e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?

Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo,

mèvèy a Sila a ki 12pafè nan konesans?

Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?

Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri 13 syèl yo

ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?

Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li;

paske akoz fènwa a, nou 14pa kab byen ranje ka nou.

Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale?

Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?

“Alò lèzòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo

sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.

Sòti nan nò, se reyon majeste an lò;

Bondye antoure ak majeste etonan.

Toupwisan an,—nou pa kab jwenn Li.

Li egzalte nan pouvwa Li. 15

Jistis Li ak ladwati Li gran;

Li pa janm oprime.

Se pou sa lèzòm plen lakrent ak respè Li;

Li pa 16konsidere okenn moun ki saj nan kè.”

Source notes (16)
  1. Cross-reference Job 37:4-5
  2. Cross-reference Job 28:24
  3. Cross-reference Job 36:27
  4. Cross-reference Sòm 111:2
  5. Cross-reference Job 38:40
  6. Cross-reference Job 9:9
  7. Cross-reference Job 38:29
  8. Cross-reference Job 37:15
  9. Cross-reference És 14:21
  10. Cross-reference Egz 9:18
  11. Cross-reference I Wa 18:41-46
  12. Cross-reference Job 36:4
  13. Cross-reference Jr 10:12
  14. Cross-reference Job 9:14
  15. Cross-reference Éz 18:23-32
  16. Cross-reference Mat 11:25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.