Bib Sen An
Job 38
Konsa, Bondye te 1reponn Job nan van toubiyon an:
Se kilès sa a ki 2twouble konsèy Mwen an
ak pawòl san konesans yo?
Alò, mare senti ou tankou gason, 3
M ap mande ou e ou va enstwi M!
“Kote ou te ye 4lè M te poze fondasyon mond lan?
Pale si ou gen bon konprann,
Se kilès ki te etabli 5mezi li? Konsi ou konnen?
Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
Sou kilès 6baz li yo te fonse?
Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
lè zetwal maten yo te chante ansanm,
e tout 7fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
“Oswa se kilès ki te 8delimite lanmè a ak pòt yo,
lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li
e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
epi Mwen te 9plase lizyè sou li,
e te kadnase pòt li yo,
lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis;
men la vag ògèy ou va rete’?
“Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive,
e fè solèy granmaten an konnen plas li,
pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè
e 10 souke l nèt pou yo sòti ladann?
Li vin chanje tankou ajil anba yon so;
epi prezante la tankou yon abiman. 11
Sou mechan yo, limyè yo retire
e bwa soulve a vin kase.
“Èske ou konn antre nan sous lanmè yo,
oswa mache nan fon pwofondè a?
Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm?
Oswa èske ou konn wè pòtay 12lonbraj lanmò yo?
Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout 13tè a?
Di M si ou konnen tout sa a.
“Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a?
Epi tenèb la, kote landwa li,
pou ou ta mennen li nan 14limit li,
pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
Fòk ou konnen paske 15ou te fèt avan sa,
e kantite jou ou yo vast!
Èske ou konn antre nan 16kay depo nèj yo,
oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
ke M te rezève pou tan twoub la,
pou jou lagè ak batay la?
Kote chemen ki pou fè 17loray divize a
oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
“Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,
oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
Pou mennen 18lapli nan yon tèren kote nanpwen moun,
nan yon dezè san pèsòn ladann,
Pou 19satisfè yon peyi savann dezole
e fè grenn zèb yo vin jèmen.
Èske lapli gen papa?
Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
Nan ki vant manman a sila 20glas la te sòti?
Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
Dlo vin di tankou wòch
e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
“Èske ou konn mare chenn zetwal 21Pleiades yo,
oswa lage kòd zetwal Orion yo?
Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo,
oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
Èske ou konnen tout 22règleman syèl la,
oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo,
pou fè 23gwo kantite dlo vin kouvri ou?
Èske ou kab 24voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
Se kilès ki te 25mete sajès nan kè lòm,
oswa te bay bon 26konprann nan panse a?
Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès,
oswa 27vide gwo krich dlo syèl yo,
Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo
e bòl tè yo vin kole ansanm?
“Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an 28manje,
oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
Lè yo 29kouche nan kav pa yo
e kouche tann pèlen bò lakay yo?
Se 30kilès ki prepare manje pou kòbo a
lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?
Source notes (30)
- Cross-reference Job 40:6
- Cross-reference Job 35:16
- Cross-reference Job 42:4
- Cross-reference Sòm 104:5
- Cross-reference Pwov 8:29
- Cross-reference Job 26:7
- Cross-reference Job 1:6
- Cross-reference Sòm 104:6-9
- Cross-reference Pwov 8:29
- Cross-reference Job 34:25-26
- Cross-reference Job 5:14
- Cross-reference Job 10:21
- Cross-reference Job 28:24
- Cross-reference Job 26:10
- Cross-reference Job 15:7
- Cross-reference Job 37:6
- Cross-reference Job 26:10
- Cross-reference Job 36:27
- Cross-reference Sòm 104:13-14
- Cross-reference Job 37:10
- Cross-reference Job 9:9
- Cross-reference Sòm 148:6
- Cross-reference Job 22:11
- Cross-reference Job 36:32
- Cross-reference Sòm 51:6
- Cross-reference Job 32:8
- Cross-reference Job 38:34
- Cross-reference Sòm 104:21
- Cross-reference Job 37:8
- Cross-reference Sòm 147:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.