Bib Sen An
Job 36
Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou;
jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
M ap prale chache lespri m soti byen lwen;
mwen va fè prèv 1ladwati a Kreyatè mwen an.
Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo.
Youn ki pafè nan 2konesans se avèk ou.
Gade byen, Bondye pwisan, men li pa 3meprize pèsòn;
Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
Li pa konsève lavi a mechan yo,
men Li bay jistis a 4aflije yo.
Li pa 5retire zye Li sou moun ladwati yo;
men avèk wa ki chita sou twòn yo,
li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd 6aflije yo,
konsa, Li fè yo konnen travay yo,
ak transgresyon yo;
ke yo te leve tèt yo wo ak ògèy. 7
Li ouvri zòrèy yo pou yo ka enstwi,
e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans,
e ane pa yo va 8ranpli ak rejwisans.
Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe;
yo va 9mouri san konesans.
Men enkwayan yo ranmase lakòlè;
yo refize kriye sekou lè L mare yo.
Yo mouri nan jenès yo,
e lavi yo vin pèdi pami 10pwostitiye tanp yo.
Li delivre aflije yo nan afliksyon yo,
e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
Wi, anverite Li t ap 11 mennen ou
lwen bouch gwo twoub la,
pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit.
Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
Men ou te ranpli ak 12jijman sou mechan yo;
se jijman ak jistis ki te posede ou.
Pa kite richès ou mennen ou nan 13lakòlè,
ni pa kite gwosè sa a 14k ap vèse sou tab
fè ou vire akote.
Èske richès ou yo ta fè ou evite gwo twoub la?
Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
Pa fè lanvi pou 15lannwit,
moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
Fè atansyon; 16pa vire kote mal la,
paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li.
Ki 17pwofesè ki tankou Li?
Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an?
Epi kilès ki ka di L 18‘Ou antò a?’
Sonje ke ou dwe 19leve zèv Li yo wo,
sa yo sou sila moun te konn chante yo.
Tout moun konn wè sa.
Lòm gade l soti lwen.
Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li. 20
Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
Konsa, 21Li rale fè monte gout dlo yo.
Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
ke nwaj yo fè vide desann.
Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
Èske pèsòn kab konprann jan 22nwaj yo vin gaye,
ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li.
Li kouvri fon lanmè yo.
Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo.
Li 23bay yo manje an gran kantite.
Li kouvri men Li ak eklè la,
e 24pase lòd pou l frape sou mak la. 25
Bri li deklare prezans Li;
menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
Source notes (25)
- Cross-reference Job 8:3
- Cross-reference Job 37:16
- Cross-reference Sòm 22:24
- Cross-reference Job 5:15
- Cross-reference Sòm 33:18
- Cross-reference Job 36:15-21
- Cross-reference Job 33:16
- Cross-reference Sòm 16:11
- Cross-reference Job 4:21
- Cross-reference Det 23:17
- Cross-reference Os 2:14
- Cross-reference Job 22:5-11
- Cross-reference Jon 4:4-9
- Cross-reference Job 33:24
- Cross-reference Job 34:20-25
- Cross-reference Job 36:10
- Cross-reference Job 35:11
- Cross-reference Det 32:4
- Cross-reference Sòm 92:5
- Cross-reference Eb 1:12
- Cross-reference Sòm 147:8
- Cross-reference Job 37:11-16
- Cross-reference Trav 14:17
- Cross-reference Job 37:11-15
- Cross-reference Job 37:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.