Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 35

Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:

“Èske ou sipoze ke 1ou gen dwa sa a?

Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’

Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou?

Ki 2pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’

Mwen va reponn ou,

menm ak zanmi ou yo tou. 3

Gade nan syèl yo pou wè;

epi gade byen nan nwaj yo.

Yo pi wo pase ou.

Si ou te peche, 4kisa ou akonpli kont Li?

Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?

Si ou jis, 5kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?

Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm,

e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.

“Akoz 6fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò.

Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.

Men 7pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an,

ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,

ki 8enstwi nou plis pase bèt latè yo,

pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’

La, yo 9kriye fò, men nanpwen repons

akoz ògèy moun mechan yo.

Anverite, 10Bondye p ap koute yon kri ki vid,

ni Toupwisan an p ap okipe l.

Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li. 11

Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!

Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li,

ni Li pa t apresye awogans,

pou sa, Job ouvri bouch li an ven;

li ogmante pawòl li yo 12san konesans.”

Source notes (12)
  1. Cross-reference Job 27:2
  2. Cross-reference Job 9:30-31
  3. Cross-reference Jen 15:5
  4. Cross-reference Pwov 8:36
  5. Cross-reference Luc 17:10
  6. Cross-reference Egz 2:23
  7. Cross-reference Job 21:14
  8. Cross-reference Sòm 94:12
  9. Cross-reference Pwov 1:28
  10. Cross-reference Jr 11:11
  11. Cross-reference Job 31:35
  12. Cross-reference Job 34:35

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.