Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 34

Alò, Élihu te kontinye. Li te di:

“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.

Koute mwen, nou menm ki gen konesans.

Paske 1zòrèy la fè prèv pawòl yo,

jan bouch la goute manje a.

Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;

kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.

Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men 2

Bondye te rache dwa mwen an;

èske mwen ta dwe manti selon dwa m? 3

Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’

Se kilès ki tankou Job,

k ap 4bwè giyonnen moun tankou se dlo,

ki ale 5kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,

e mache avèk moun malveyan yo?

Paske li te di: 6‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun

lè l pran plezi li nan Bondye.’

“Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.

Fòk se lwen pou Bondye ta 7fè mechanste,

e pou Toupwisan an fè mal.

Paske Li rekonpanse lòm selon 8zèv li yo,

e fè li jwenn selon chemen li.

Anverite, 9Bondye p ap aji avèk mechanste,

ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.

Se kilès ki te 10bay Li otorite sou latè?

Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?

Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta 11ranmase tout a Li menm

pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,

Tout 12chè ta peri ansanm,

e lòm ta 13retounen nan pousyè.

“Men si gen moun bon konprann, koute sa a;

koute vwa pawòl mwen yo.

Èske menm 14yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?

Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,

k ap di a yon wa: ‘Sanzave’,

a prens yo: ‘Nou mechan’;

Ki p ap montre 15patipri a prens yo,

ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,

paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.

Nan yon moman, yo mouri;

epi 16nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.

Pwisan yo disparèt.

Yo retire san yon men leve.

“Paske 17zye Li sou chemen a yon nonm.

Li wè tout pa li fè.

Nanpwen 18fènwa, ni lonbraj fonse

kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.

Paske Li pa 19bezwen obsève yon nonm anpil

pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.

Li kraze 20moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,

e mete lòt moun nan plas yo.

Se konsa, Li 21konnen zèv yo.

Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.

Li 22frape yo tankou mechan

nan yon kote pou tout moun wè,

Akoz yo 23vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;

akoz yo te fè 24kri a malere a rive kote Li.

Li te tande kri a aflije yo.

Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?

Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?

Li pli wo ke nasyon, ni lòm,

pou 25 anpeche moun ki san Bondye yo vin

reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.

“Paske èske nenpòt kon di Bondye,

‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;

enstwi mwen sa ke m pa wè.

Si mwen te 26fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?

Èske Li va 27rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?

Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.

Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.

Moun ak bon konprann va di mwen,

oswa yon nonm saj ki tande m va di:

‘Job 28pale san konesans;

pawòl li yo san sajès.

Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,

jis rive nan tout limit li,

akoz li reponn 29tankou moun mechan yo.

Paske li ogmante 30rebelyon sou tout lòt peche l yo.

Li bat men li pami nou,

e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”

Source notes (30)
  1. Cross-reference Job 12:11
  2. Cross-reference Job 27:2
  3. Cross-reference Job 6:4
  4. Cross-reference Job 15:16
  5. Cross-reference Job 22:15
  6. Cross-reference Job 21:5
  7. Cross-reference Job 8:3
  8. Cross-reference II Kor 5:10
  9. Cross-reference Job 34:10
  10. Cross-reference Job 38:4
  11. Cross-reference Sòm 104:29
  12. Cross-reference Jen 7:21
  13. Cross-reference Job 10:9
  14. Cross-reference II Sam 23:3
  15. Cross-reference I Pi 1:17
  16. Cross-reference Egz 12:29
  17. Cross-reference Pwov 15:3
  18. Cross-reference Sòm 139:11-12
  19. Cross-reference Job 11:11
  20. Cross-reference Job 12:19
  21. Cross-reference Job 34:11
  22. Cross-reference Sòm 9:5
  23. Cross-reference I Sam 15:11
  24. Cross-reference Job 35:9
  25. Cross-reference Job 5:15
  26. Cross-reference Job 33:27
  27. Cross-reference Job 41:11
  28. Cross-reference Job 35:16
  29. Cross-reference Job 22:15
  30. Cross-reference Job 23:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.