Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 33

“Malgre sa, koulye a, Job, souple 1tande mesaj mwen an

e koute tout pawòl mwen yo.

Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.

Se lang nan bouch mwen ki pale.

Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen,

e lèv mwen pale 2soti yon kè ki renmen verite a.

Se 3Lespri Bondye ki te fè m,

e souf Toupwisan an ki ban m lavi. 4

Di m se pa sa, si ou kapab.

Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.

Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.

Mwen menm tou te fèt ak 5ajil la.

Gade byen, se pa 6okenn krent mwen gen,

ki ta bay ou laperèz,

ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,

ke ou ta twouve chaj la lou.

“Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,

e mwen te tande son a pawòl ou yo.

Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;

mwen inosan e 7nanpwen koupabilite nan mwen.

Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;

Li 8kontwole m tankou lènmi.

Li 9mete pye mwen nan sèp;

Li veye tout chemen mwen yo.’

“Gade byen Job, kite mwen di ou, 10ou pa gen rezon nan sa,

paske Bondye pi gran ke lòm.

Poukisa ou 11plenyen kont Li

ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?

Anverite, 12Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,

men pèsòn pa okipe sa.

Nan yon 13rèv, yon vizyon nan nwit lan,

lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm,

pandan yo nan somèy sou kabann yo,

konsa, 14Li ouvri zòrèy a lòm

e mete so sou enstriksyon yo,

pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li

e anpeche li fè ògèy.

Konsa, Li 15pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la

e lavi li pou l pa lantre 16nan Sejou Lanmò a.

“Lòm, anplis, resevwa chatiman 17doulè sou kabann li;

avèk plent san rete jis rive nan zo li;

jiskaske lavi li vin 18rayi pen,

e nanm li, manje ke li te pi renmen an. 19

Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l

e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt. 20

Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a

e lavi li pwoche sila kap detwi yo.

“Si gen yon zanj pou ta 21entèsede pou li,

se tankou youn nan yon milye,

ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,

konsa, Bondye fè l gras. Li di l:

‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,

Mwen te twouve yon 22racha.’

Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.

Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.

Konsa, li va 23priye a Bondye,

e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plen ak jwa.

Se konsa, Li restore ladwati a lòm.

Li va chante devan lèzòm. Li va di:

“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,

e li pa t bon pou mwen.

Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,

e lavi m 24va wè limyè a.’

“Gade byen, Bondye konn fè 25tout bagay

sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,

pou 26mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a,

pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.

Prete atansyon, O Job, koute m byen;

rete an silans e kite mwen pale.

Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;

pale, paske mwen vle ba ou rezon.

Men si non, koute mwen;

rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”

Source notes (26)
  1. Cross-reference Job 13:6
  2. Cross-reference Job 6:28
  3. Cross-reference Jen 2:7
  4. Cross-reference Job 33:32
  5. Cross-reference Job 4:19
  6. Cross-reference Job 13:21
  7. Cross-reference Job 10:14
  8. Cross-reference Job 13:24
  9. Cross-reference Job 13:27
  10. Cross-reference Ekl 7:20
  11. Cross-reference Job 40:2
  12. Cross-reference Job 33:29
  13. Cross-reference Job 4:12-17
  14. Cross-reference Job 36:10-15
  15. Cross-reference Job 33:22-30
  16. Cross-reference Job 15:22
  17. Cross-reference Job 30:17
  18. Cross-reference Job 3:24
  19. Cross-reference Job 16:8
  20. Cross-reference Job 33:18-28
  21. Cross-reference Jen 40:8
  22. Cross-reference Job 36:18
  23. Cross-reference Job 22:27
  24. Cross-reference Job 22:28
  25. Cross-reference Ef 1:11
  26. Cross-reference Job 33:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.