Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 32

Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te 1dwat nan pwòp zye pa li. Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, 2Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye. Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men kareman, yo te kondane Job. Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li. Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.

Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di:

“Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou 3granmoun.

Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.

Mwen te reflechi ke se 4laj ki te dwe pale,

ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.

Men se yon lespri ki nan lòm,

e se souf a Toupwisan an ki bay yo bon5konprann.

Anpil ane pa vle di saj,

ni pa fwa, se pa 6granmoun ki konprann sa ki dwat.

Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen;

mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’

“Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo.

Mwen te koute byen rezonman pa nou yo,

pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.

Menm mwen te swiv nou byen pre;

anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job.

Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.

Pran atansyon nou pa di: 7‘Nou jwenn sajès.

Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’

Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm,

ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.

“Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò.

Yo pa gen mo ki pou di.

Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale?

Akoz yo rete e pa reponn ankò?

Mwen menm tou va reponn pou kont mwen,

mwen osi va bay pozisyon pa m.

Paske mwen chaje ak pawòl.

Lespri m anndan mwen bourade m.

Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire;

tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.

Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman;

kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.

Alò, pa kite mwen 8pran pati a okenn moun,

ni flate pèsòn.

Paske mwen pa konn flate moun,

sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”

Source notes (8)
  1. Cross-reference Job 10:7
  2. Cross-reference Jen 22:21
  3. Cross-reference Job 15:10
  4. Cross-reference Job 8:8-9
  5. Cross-reference Job 38:36
  6. Cross-reference Job 32:7
  7. Cross-reference Jr 9:23
  8. Cross-reference Lev 19:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.