Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 31

“Mwen te fè yon akò ak 1zye m;

alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?

Paske se kisa ki 2pòsyon Bondye soti anwo a,

ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?

Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,

ak yon dezas pou 3sila ki fè inikite yo?

Èske Li pa 4wè chemen mwen yo

e kontwole tout pa mwen yo?

“Si mwen te 5mache nan sa ki fo,

e pye m te kouri dèyè twonpe moun,

(kite Li 6peze mwen nan yon balans ki jis

e kite Bondye konnen entegrite m).

Si pa m yo te 7vire kite chemen an,

oswa kè m te swiv zye m,

oswa si gen yon tach ki kole sou men m,

kite mwen 8simen pou yon lòt ta manje,

e kite tout sa m plante vin rache.

“Si kè m te 9sedwi pa yon fanm,

oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,

kite madanm mwen graje pou yon lòt

e kite 10lòt yo vin kouche sou li.

Paske sa ta yon krim 11sansyèl;

anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.

Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan 12Sejou Lanmò yo

e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.

Si mwen te 13refize demand esklav mwen an,

gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,

alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?

Konsa, lè L rele m pou jijman,

ki repons mwen ta kab bay Li?

Èske 14Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?

Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?

Si mwen te 15anpeche malere yo nan dezi yo,

oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,

oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen

san 16òfelen an pa jwen ladann,

(Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l

e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),

si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,

oswa ke 17sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,

si kè li pa t beni m,

si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,

si mwen te leve men m kont 18òfelen an,

akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,

alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,

e 19bra m kase soti nan zo li.

Paske m pè anpil malè Bondye a.

Li tèlman gran ak 20majeste,

m pa ka fè anyen devan L.

Si se nan 21lò mwen te mete espwa m,

pou m te di lò fen an, ‘se ou ki konfyans mwen,’

Si mwen te 22rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,

e akoz men m te tèlman ranmase anpil;

si mwen te 23gade solèy la lè l t ap brile,

oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,

epi kè m te vin sedwi an sekrè,

e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,

sa osi ta yon inikite ki merite jijman,

paske mwen t ap 24abandone Bondye anwo a.

Èske mwen te 25rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?

Oswa bat men m lè mal vin rive li?

Non, 26mwen pa t kite bouch mwen peche,

ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.

Èske mesye nan tant mwen yo p ap di:

‘Ou p ap twouve yon moun ki pa 27satisfè ak vyann pa li a?’

Etranje a pa t rete deyò;

mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.

Èske m te 28kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?

Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,

akoz mwen te 29krent gwo foul la?

Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,

te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?

O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!

Gade byen, men òtograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!

Mennen pwosè vèbal ke 30akizè a te ekri.

Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;

mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.

Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.

Tankou 31yon prens mwen ta parèt devan L.

Si menm 32tèren mwen an rele kont mwen,

e tout tranch li yo kriye ansanm;

si mwen te manje fwi li san lajan,

oswa te 33kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,

kite 34pikan yo grandi olye ble

e zèb santi fò ranplase lòj la.”

Pawòl yo a Job se fini.

Source notes (34)
  1. Cross-reference Mat 5:28
  2. Cross-reference Job 20:29
  3. Cross-reference Job 34:22
  4. Cross-reference II Kwo 16:9
  5. Cross-reference Job 15:31
  6. Cross-reference Job 6:2-3
  7. Cross-reference Job 23:11
  8. Cross-reference Lev 26:16
  9. Cross-reference Job 24:15
  10. Cross-reference Det 28:30
  11. Cross-reference Lev 20:10
  12. Cross-reference Job 26:6
  13. Cross-reference Det 24:14-15
  14. Cross-reference Job 10:3
  15. Cross-reference Job 5:16
  16. Cross-reference Job 29:12
  17. Cross-reference Job 24:4
  18. Cross-reference Job 29:12
  19. Cross-reference Job 38:15
  20. Cross-reference Job 13:11
  21. Cross-reference Job 22:24
  22. Cross-reference Job 1:3-10
  23. Cross-reference Det 4:19
  24. Cross-reference Jos 24:27
  25. Cross-reference Pwov 17:5
  26. Cross-reference Sòm 7:4
  27. Cross-reference Job 22:7
  28. Cross-reference Jen 3:10
  29. Cross-reference Egz 23:2
  30. Cross-reference Job 27:7
  31. Cross-reference Job 1:3
  32. Cross-reference Job 24:2
  33. Cross-reference I Wa 21:19
  34. Cross-reference Job 32:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.