Bib Sen An
Job 30
Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap 1giyonnen m.
Papa a sila mwen pat ta dakò pou
mete ansanm ak chen bann mouton yo.
Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m?
Gwo fòs te deja disparèt nan yo
akoz mank bagay ak grangou.
Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la.
Manje yo se rasin bayawonn.
Yo chase yo deyò lavil la nan dezè;
yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
jiskaske yo vin rete nan move ravin yo,
nan twou tè ak nan wòch yo.
Pami rak tibwa yo, yo rele fò.
Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo,
yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
Men koulye a, se mwen menm yo pase nan 2rizib;
mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
Yo pè m, yo kanpe lwen m,
e yo pa sispann 3krache nan figi m.
Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,
yo 4rete retire brid la nèt devan m.
Sou men dwat lan, nich sa vin leve.
Yo 5rale pye mwen akote.
Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
Yo 6gate wout mwen.
Yo bourade lachit mwen
san mande sekou.
Tankou nan yon gran brèch, yo parèt;
nan mitan tanpèt, yo woule m. 7
Gwo perèz yo vin vire kont mwen.
Yo tanmen gate respè m tankou van.
Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
Konsa, koulye a 8nanm mwen vide nèt.
Jou afliksyon yo sezi m.
Nan lannwit, 9zo m yo frennen anndan m,
e sa yo kap manje m pa pran repo.
Ak gwo fòs, vètman m vin 10tòde sou mwen.
Li mare m nèt tankou kolye manto m.
Li te jete mwen nan 11labou,
e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
Mwen 12kriye a Ou menm pou sekou,
men Ou pa reponn mwen.
Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
Ou vin okipe m ak mechanste.
Avèk fòs a men Ou, Ou 13pèsekite m.
Ou 14leve m wo sou van, e fè m monte;
epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
Paske mwen konnen ke Ou ap 15mennen m a lanmò,
jis rive nan gwo 16kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l?
Oswa nan gwo pwoblem li pa 17kriye sekou?
Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou 18malere a?
Lè m 19t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
Kè m twouble nèt 20anndan m.
Mwen pa kab poze.
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
Mwen fè dèy toupatou san solèy.
Mwen kanpe nan asanble;
mwen 21rele sekou.
Mwen te vin frè ak 22chen mawon,
zanmi ak otrich la.
Chè m vin nwa sou mwen,
li kale, e 23zo m yo brile ak lafyèv.
Pou sa, 24 se doulè ap mwen jwe,
e flit mwen an sone pou sila k ap kriye.
Source notes (24)
- Cross-reference Job 12:4
- Cross-reference Job 12:4
- Cross-reference És 50:6
- Cross-reference Sòm 32:9
- Cross-reference Sòm 140:4-5
- Cross-reference És 3:12
- Cross-reference Job 3:25
- Cross-reference Sòm 42:4
- Cross-reference Job 30:30
- Cross-reference Job 2:7
- Cross-reference Sòm 69:2-14
- Cross-reference Job 19:7
- Cross-reference Job 16:9-14
- Cross-reference Job 9:17
- Cross-reference Job 9:22
- Cross-reference Ekl 12:5
- Cross-reference Job 19:7
- Cross-reference Job 24:4
- Cross-reference Job 3:25-26
- Cross-reference Lam 2:11
- Cross-reference Job 19:7
- Cross-reference Sòm 44:19
- Cross-reference Sòm 102:3
- Cross-reference És 24:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.