Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 29

Ankò, Job te reprann 1diskou. Li te di:

“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo!

Kon nan jou ke Bondye te 2bay rega sou mwen yo;

Lè 3lanp Li yo te briye sou tèt mwen,

e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;

Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo,

lè 4amitye Bondye te sou tant mwen an;

lè Toupwisan an te toujou avè m,

e pitit mwen yo te antoure mwen;

lè pa mwen yo te benyen nan bè

e 5wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!

Lè m te konn sòti nan 6pòtay lavil la,

pou m te gen chèz mwen sou plas la.

Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo,

e granmoun yo te konn leve kanpe.

Prens yo te sispann pale

e te 7mete men yo sou bouch yo.

Vwa a moun pwisan yo te rete,

e 8lang yo te kole anlè nan bouch yo.

Paske lè 9zòrèy la te tande m, li te rele m beni,

e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,

akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou,

avèk 10òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.

Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen

e mwen te fè 11kè vèv la chante avèk jwa.

Mwen te 12abiye nan ladwati e li te kouvri m;

jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.

Mwen te sèvi kon 13zye pou avèg yo,

e pye pou sila bwate yo.

Mwen te yon papa pou 14 malere a,

e ka ke m pa konnen an,

mwen te chache twouve bout li.

Mwen te 15kase machwè a mechan an

e mwen te retire viktim nan anba dan l.

Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen,

e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.” 16

Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze

kouche tout lannwit sou branch mwen yo.

Fòs mwen toujou nèf,

e 17banza m renouvle nan men m.’

“Moun 18yo te koute e te tann.

Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.

Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò,

e 19pawòl mwen yo te etonnen yo.

Yo te tann mwen tankou lapli.

Yo te ouvri bouch yo pou bwè,

konsi se pou lapli nan sezon prentan.

Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè,

e limyè a figi m pa t janm vin ba.

Mwen te chwazi yon chemen pou yo,

te chita tankou 20chèf,

e te demere tankou wa pami sòlda yo,

tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”

Source notes (20)
  1. Cross-reference Nonb 23:7
  2. Cross-reference Jr 31:28
  3. Cross-reference Job 18:6
  4. Cross-reference Sòm 25:14
  5. Cross-reference Det 32:13
  6. Cross-reference Job 31:21
  7. Cross-reference Job 21:5
  8. Cross-reference Sòm 137:6
  9. Cross-reference Job 4:3-4
  10. Cross-reference Job 31:17-21
  11. Cross-reference Job 22:9
  12. Cross-reference És 61:10
  13. Cross-reference Nonb 10:31
  14. Cross-reference Job 24:4
  15. Cross-reference Sòm 3:7
  16. Cross-reference Os 14:5
  17. Cross-reference Jen 49:24
  18. Cross-reference Job 4:3
  19. Cross-reference Det 32:2
  20. Cross-reference Job 1:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.