Bib Sen An
Job 28
Anverite, gen yon min pou ajan
e yon plas pou rafine lò.
Fè retire nan pousyè a
e kwiv la fonn soti nan wòch la.
Lòm fè tenèb la pati,
e rive 1jis nan dènye limit lan.
Li chache twouve wòch kap kache a,
ak nan pwofon fènwa.
Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete,
kote ki bliye nèt pa pye moun.
Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
Pou tè a, depi nan li, manje sòti,
men anba, li boulvèse tankou dife.
Wòch li se sous a pyè safi yo.
Epi nan pousyè li, genyen lò.
Chemen li pa rekonèt pa koukou,
ni zye grigri pa janm wè l.
Bèt pi fewòs yo pa mache la,
ni lyon pa pase sou li.
Li mete men li sou wòch silèks la.
Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
Li kreve kanal ki pase nan wòch yo,
e zye li wè tout sa ki presye.
Li bouche flèv yo pou dlo pa koule
e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
“Men se 2kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la? 3
Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’. 4
Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì. 5
Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
Koray ak kristal, bliye sa nèt.
Posede 6sajès se pi wo ke pèl.
Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l;
ni li pa kab valorize an 7lò pi.
E byen, 8se kibò sajès la sòti?
Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo
e kache menm a zwazo syèl yo. 9
Labim nan ak lanmò a pale:
‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’ 10
Bondye konprann chemen li
e Li konnen plas li.
“Paske Li 11chache jis rive nan dènye pwent latè
e wè tout bagay anba syèl yo.
Lè L te bay 12pwa a van an
e te 13divize dlo yo pa mezi,
Lè L te etabli yon 14limit pou lapli
e yon chemen pou kout eklè,
Li te wè l e Li te deklare li.
Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, 15lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
Source notes (15)
- Cross-reference Ekl 1:13
- Cross-reference Job 28:23-28
- Cross-reference Mat 13:44-46
- Cross-reference Pwov 3:13-14
- Cross-reference Pwov 8:10
- Cross-reference Pwov 8:11
- Cross-reference Pwov 8:19
- Cross-reference Job 28:23-28
- Cross-reference Job 26:6
- Cross-reference Job 9:4
- Cross-reference Sòm 11:4
- Cross-reference Sòm 135:7
- Cross-reference Job 38:8-11
- Cross-reference Job 37:6-12
- Cross-reference Pwov 9:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.