Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 27

Alò, Job te kontinye 1diskou li. Li te di:

Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,

Toupwisan2ki te fè m gen nanm anmè a,

paske tan lavi toujou nan mwen. 3

Souf Bondye la nan nen m.

Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,

ni 4lang mwen pa p pale manti.

Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.

Jiskaske m mouri, 5mwen p ap lage entegrite m.

Mwen 6kenbe fèm a ladwati mwen.

Mwen p ap lage l menm.

Kè m pa repwoche m depi gen lavi ladan m.

“Kite lènmi m kapab tankou mechan a.

Kite sila ki leve kont mwen, san jistis.

Paske ki 7espwa sila ki san Bondye a genyen

lè l koupe retire nèt,

lè Bondye fè l oblije bay lavi li?

Èske Bondye va tande kri li lè 8malè rive li?

Èske li va 9pran plezi nan Toupwisan an?

Èske li va rele non Bondye a nan tout tan sa yo?

Mwen va enstwi ou nan pwisans Bondye.

Pwojè Toupwisan an, mwen p ap kache l.

Gade byen, nou tout gen tan wè sa.

Ebyen, poukisa nou aji nan foli?

“Sa se pòsyon a moun mechan an ki va sòti Bondye,

ak eritaj ke 10mechan yo va resevwa nan men Toupwisan an.

Malgre fis li yo anpil, yo destine pou nepe.

Konsa, 11desandan li yo ap toujou manke pen.

Sila ki swiv li yo va antere nan lamò

e 12vèv li yo p ap kriye pou li.

Malgre li fè gwo pil ajan an vin tankou se tè

e prepare vètman anpil tankou ajil,

li kab prepare l, 13men se moun ladwati yo k ap mete li,

se inosan yo k ap divize ajan an.

Li te bati 14kay li tankou papiyon,

oswa tankou kay poto gadyen te fè.

Li kouche byen rich, men li pa janm vin genyen ankò;

li ouvri zye li, men 15li pa la. 16

Gwo laperèz yo rive pran l tankou yon flèv.

Yon move tan vole retire l pandan lannwit.

Van lès la pote l ale e li pati.

Li fè l vire tounen 17kite plas li.

Paske l ap plonje sou li san epanye,

pandan li eseye 18envite l chape nan men l.

Pèp la va bat men yo sou li.

Yo va 19sifle sou li kon koulèv,

pou li kite plas li a.”

Source notes (19)
  1. Cross-reference Job 13:12
  2. Cross-reference Job 9:18
  3. Cross-reference Job 32:8
  4. Cross-reference Job 6:28
  5. Cross-reference Job 6:29
  6. Cross-reference Job 2:3
  7. Cross-reference Job 8:13
  8. Cross-reference Pwov 1:27
  9. Cross-reference Sòm 37:4
  10. Cross-reference Job 15:20
  11. Cross-reference Job 20:10
  12. Cross-reference Sòm 78:64
  13. Cross-reference Job 20:18-21
  14. Cross-reference Job 8:15
  15. Cross-reference Job 7:8-10
  16. Cross-reference Job 15:21
  17. Cross-reference Job 7:10
  18. Cross-reference Job 11:20
  19. Cross-reference Job 18:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.