Bib Sen An
Job 26
Epi Job te reponn:
Kèl kalite èd ou ye pou fèb yo!
Kèl sekou ou te bay a bra ki te 1san fòs la!
Kèl konsèy ou te bay a sila ki san sajès la!
Kèl kalite bèl eklèsisman ou te bay an abondans!
Se a kilès ou t ap eksprime pawòl sa yo menm?
Epi se lespri a kilès ki te enspire ou menm? 2
Lespri mò yo tranble anba dlo yo
avèk tout sila ki rete ladann yo.
Sejou Lanmò An se toutouni devan Bondye. 3
Labim nan pa gen kouvèti.
Li 4lonje rale zetwal nò a sou espas vid.
Li fè mond lan pandye san anyen p ap kenbe l.
Li 5vlope dlo yo nan nwaj Li yo,
e nwaj la pa pete anba fòs yo.
Li fè 6kache figi gwo lalin nan
e gaye nwaj Li sou li.
Li te trase yon lizyè sou sifas dlo yo,
ak pou 7limit tenèb la ak limyè a.
Pilye syèl yo tanmen tranble,
e yo etone lè L repwòche yo.
Ak pwisans Li, li kalme lanmè a,
e ak bon konprann Li, li te brize 8Rahab.
Ak souf Li, li dekore 9syèl yo.
Se men L ki te frennen sèpan ki t ap sove ale a.
Gade byen, sa se yon ti kras bagay de tout chemen L yo.
Epi a la ti kras souf pawòl nou konn tande de Li!
Men tonnè pwisans Li an!
Se kilès ki kab konprann li?
Source notes (9)
- Cross-reference Sòm 71:9
- Cross-reference Job 3:13
- Cross-reference Job 28:22
- Cross-reference Job 9:8
- Cross-reference Job 37:11
- Cross-reference Job 22:14
- Cross-reference Job 38:19-24
- Cross-reference És 51:15
- Cross-reference Job 9:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.