Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 23

Alò, Job te reponn:

Menm jodi a, 1plent mwen yo se rebelyon.

Men Li rete lou malgre tout plent mwen yo.

O ke m ta kab konnen kibò mwen ta kab twouve Li,

pou m ta kab pwoche chèz Li a!

Mwen ta 2prezante ka m nan devan L,

e plen bouch mwen ak diskou yo.

Mwen ta vin aprann pawòl ke Li ta reponn yo

e apèsi sa Li ta di m.

Èske Li ta sèvi 3gran fòs Li pou goumen ak mwen?

Non, anverite, Li ta koute mwen.

La, moun ladwati yo ta 4rezone avè L;

epi mwen ta 5delivre jis pou tout tan de Jij mwen an.

Men gade, mwen fè avan, men Li pa la,

e mwen fè bak, men mwen 6pa kab twouve Li.

Lè L aji agoch, mwen pa kab wè Li.

Li vire adwat, mwen pa wè L.

Men Li konnen chemen ke m pran an.

Li fè m 7pase a leprèv, e mwen va sòti tankou lò.

Pye m te 8kenbe fèm a pa Li.

Mwen te kenbe chemen Li an, e mwen pa t vire akote.

Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.

Mwen te kenbe 9pawòl a bouch Li

kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.

Men pa gen lòt tankou Li;

se kilès ki kab kanpe kont Li?

Sa ke nanm Li pito, se sa ke Li fè.

Paske li acheve sa ki deziye pou mwen an.

Se anpil dekrè konsa ki rete avè L.

Pou sa, mwen deranje nèt nan prezans Li.

Lè m kalkile, Li fè m pè anpil.

Se Bondye ki fè 10kè m sote.

Se Toupwisan an ki deranje m konsa.

Akoz mwen pat koupe retire nèt avan fènwa a,

ni 11Li pat kouvri gwo tenèb la devan figi m.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Job 7:11
  2. Cross-reference Job 13:18
  3. Cross-reference Job 9:4
  4. Cross-reference Job 13:3
  5. Cross-reference Job 23:10
  6. Cross-reference Job 9:11
  7. Cross-reference Za 13:9
  8. Cross-reference Job 31:7
  9. Cross-reference Job 6:10
  10. Cross-reference Det 20:3
  11. Cross-reference Job 19:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.