Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 22

Epi Éliphaz, Temanit lan, te reponn:

“Èske yon 1nonm plen kouraj kapab itil a Bondye?

Byen klè yon nonm saj se itil a pwòp tèt li.

Èske Toupwisan an pran plezi nan ladwati ou,

oswa twouve pwofi si chemen ou yo san fot?

Èske se akoz krentif la menm ou gen pou Bondye

ke L ap repwoche ou?

Ke l ap 2antre nan jijman kont ou?

Se pa ke 3mechanste ou gran

e inikite ou yo san limit?

Paske ou te 4pran garanti a frè ou yo san koz

e te menm retire rad pa yo jis yo vin toutouni.

A moun fatige yo, ou 5pa t bay dlo pou bwè

e a grangou yo, ou te 6refize yo pen.

Men posede tè a se pou nonm ki pwisan an,

e se 7moun entèg ki viv ladann.

Ou te voye vèv yo ale men vid

e te kraze fòs a 8òfelen yo.

Akoz sa, pèlen yo antoure ou,

e 9laperèz, sibitman, vin bay ou gwo lakrent,

oswa se 10fènwa pou ou pa kab wè

ak anpil dlo ki kouvri ou.

“Èske Bondye pa 11nan wotè syèl la?

Menm anplis, gade zetwal byen lwen yo; kijan yo wo!

Ou di: 12‘Kisa Bondye konnen?

Èske Li kab jije nan fènwa pwofon an? 13

Nwaj yo se yon plas pou L kab kache,

pou L pa kab wè.

Se anwo plafon syèl la l ap mache.’

Èske ou va kenbe 14ansyen chemen a,

kote mesye mechan yo te mache,

ki te rachte avan lè yo,

ki te lese fondasyon ki lave a

retire nèt pa rivyè a?

Yo te 15di a Bondye: ‘Kite nou!’,

Epi: ‘Kisa Toupwisan an kab fè pou nou?’

Sepandan, Li te 16ranpli lakay yo ak bon bagay;

men 17konsèy a mechan yo lwen m. 18

Moun ladwati yo wè, yo fè kè kontan.

Inosan yo moke yo.

Yo di: ‘Anverite, advèsè nou yo koupe retire nèt.

E 19dife a fin manje retay yo.’ 20

“Vin konnen L depi koulye a e fè lapè avè L;

se konsa, sa ki bon va rive kote ou.

Souple, resevwa 21enstriksyon nan bouch Li

e etabli pawòl Li yo nan kè ou.

Si ou retounen bò kote Toupwisan an,

ou va restore,

si ou 22retire inikite a byen lwen tant ou. 23

Mete richès ou nan pousyè a,

lò Ophir a pami wòch kouran dlo yo.

Alò, se Toupwisan an ki va richès ou,

e pi bèl ajan pou ou.

Paske konsa ou va 24rejwi nan Toupwisan an,

e leve figi ou vè Bondye.

Ou va priye a Li menm, e 25Li va tande ou.

Ou va peye ve ou yo.

Anplis, ou va fè yon dekrè e li va etabli pou ou;

konsa limyè va briye sou wout ou.

Lè ou santi ou vin ba, alò ou va pale ak konfyans,

e moun ki 26enb lan, Li va sove li.

Li va delivre menm sila ki pa inosan yo,

e 27delivrans sa a va fèt akoz men ou ki pwòp.”

Source notes (27)
  1. Cross-reference Job 35:7
  2. Cross-reference Job 14:3
  3. Cross-reference Job 11:6
  4. Cross-reference Job 24:3-9
  5. Cross-reference Job 31:16-17
  6. Cross-reference Job 31:31
  7. Cross-reference És 3:3
  8. Cross-reference Job 6:27
  9. Cross-reference Job 15:21
  10. Cross-reference Job 5:14
  11. Cross-reference Job 11:7-9
  12. Cross-reference És 29:15
  13. Cross-reference Job 26:9
  14. Cross-reference Job 34:36
  15. Cross-reference Job 21:14-15
  16. Cross-reference Job 12:6
  17. Cross-reference Job 21:16
  18. Cross-reference Sòm 52:6
  19. Cross-reference Job 15:30
  20. Cross-reference Sòm 34:10
  21. Cross-reference Job 8:10
  22. Cross-reference Job 11:14
  23. Cross-reference Job 31:24-25
  24. Cross-reference Sòm 37:4
  25. Cross-reference Job 34:28
  26. Cross-reference Jc 4:5
  27. Cross-reference Job 42:7-8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.