Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Job 24

1

“Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv?

E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè 2jou Li yo?

Kèk 3retire limit bòn yo.

Yo sezi e devore bann mouton yo.

Yo pouse fè ale bourik a 4òfelen yo,

yo pran bèf a vèv la kon garanti.

Yo pouse 5endijan yo akote wout la.

Malere peyi a oblije kache nèt.

Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a,

yo 6vin parèt pou chache manje.

Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.

Yo rekòlte nan chan a lòt yo,

e ranmase nan chan rezen a mechan yo. 7

Yo pase lannwit lan toutouni san rad,

e yo pa gen pwotèj kont fredi a.

Yo mouye ak lapli mòn yo,

e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.

Lòt yo sezi 8òfelen an soti nan tete a,

e kont malere a, yo pran garanti.

Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad,

k ap pote pakèt akoz grangou.

Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil.

Yo foule li nan preswa, men yo swaf.

Depi nan vil la, moun yo plenyen fò,

e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent,

men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.

“Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a.

Yo pa vle konnen pa li,

ni rete nan chemen li yo.

Asasen an 9leve granmmaten.

Li 10touye malere a ak endijan an.

Nan lannwit, se yon vòlè li ye.

Zye 11adiltè a tann lannwit rive;

li di: ‘Zye p ap janm wè m.’

Li kouvri figi li.

Nan fènwa, yo 12fouye anndan kay yo.

Yo 13fèmen yo menm pandan jounen an.

Yo pa konnen limyè.

Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès,

tèlman li abitye ak 14gwo perèz nan fènwa pwès la.

“Se kim yo ye k ap monte sou dlo.

Pòsyon pa yo 15modi sou latè.

Yo pa tankou chan rezen yo.

Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la.

Menm jan tou, 16Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo.

Vant manman an 17va bliye li.

Vè va manje li byen dous,

jiskaske moun pa sonje l ankò.

Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.

Li fè tò a fanm esteril la.

Li pa gen mizerikòd pou li.

Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li.

Li vin gwo, men 18lavi li pa asire.

Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. 19

Zye Li veye tout sa yo fè.

Yo leve wo pou yon 20ti tan, e yo ale.

Konsa, yo vin 21rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale.

Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.

Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv

ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”

Source notes (21)
  1. Cross-reference Trav 1:7
  2. Cross-reference És 2:12
  3. Cross-reference Det 19:14
  4. Cross-reference Job 6:27
  5. Cross-reference Job 24:14
  6. Cross-reference Sòm 104:23
  7. Cross-reference Egz 22:26
  8. Cross-reference Job 6:27
  9. Cross-reference Mi 2:1
  10. Cross-reference Sòm 10:8
  11. Cross-reference Pwov 7:9
  12. Cross-reference Egz 22:2
  13. Cross-reference Jn 3:20
  14. Cross-reference Job 15:21
  15. Cross-reference Job 15:21
  16. Cross-reference Job 21:13
  17. Cross-reference És 49:15
  18. Cross-reference Job 18:20
  19. Cross-reference Job 10:4
  20. Cross-reference Sòm 37:10
  21. Cross-reference Job 14:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.