Bib Sen An
Jérémie 9
O ke tèt mwen te dlo,
e ke zye m yo te yon fontèn dlo,
pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit
pou lanmò a 1fi a pèp mwen an!
O ke m ta gen nan dezè a,
yon plas pou moun k ap vwayaje rete,
pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.
Pou m kite yo nèt!
Paske yo tout se 2adiltè, yon bann moun trèt.
“Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.
Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.
Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,
e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
“Fòk chak 3byen veye kont vwazen li,
pou l pa mete konfyans nan okenn frè;
akoz tout frè yo aji nan koken,
e tout vwazen yo ap voye kout lang.
Yo tout 4pase vwazen parèy yo nan rizib.
Yo refize pale verite.
Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;
yo vin fatige nèt nan fè inikite.
Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.
Nan desepsyon yo 5refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e 6fè yo pase a leprèv;
paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?
Lang pa yo se yon flèch mòtèl;
li pale 7manti.
Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,
men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.
Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.
“Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?
Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri
ak dèy pou patiraj dezè a,
gwo plent, akoz yo vin 8brile nèt,
jiskaske pèsòn pa pase ladann.
Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò;
ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale;
yo ale nèt.
“Mwen va fè Jérusalem tounen yon pil mazi,
yon kote abandone pou chen mawon.
Mwen va fè vil Juda yo yon 9kote ki kraze nèt,
san pèsòn pou rete ladann.”
Ki moun saj ki ka konprann sa a? Epi kilès li menm bouch SENYÈ a te pale, pou l ka fè deklarasyon sa a? 10Poukisa peyi a vin detwi konsa, brile nèt kon yon dezè, pou pèsòn pa menm pase ladann?
SENYÈ a di: “Akoz yo te 11abandone Lalwa ke Mwen te mete devan yo a e yo pa t obeyi vwa Mwen, ni mache selon li, men te 12mache dèyè tèt di a pwòp kè yo, e dèyè Baal yo, kon papa yo te montre yo a.” Pou sa, pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va 13fè yo manje bwa anmè e bay yo dlo anpwazone pou yo bwè. Mwen va 14gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Konsidere e rele 15fanm pou fè dèy, pou yo ka vini.
Voye fanm enstwi sa yo, pou yo ka vini!
Kite yo fè vit pran rele anmwey pou nou,
pou 16zye nou ka vide dlo e pòpyè zye nou ka
fè dlo kouri desann.
Paske vwa ki rele anmwey la tande soti nan Sion:
‘A la detwi nou vin detwi nèt!
Nou te vin mete nan gwo wont,
paske nou 17te kite peyi la,
akoz yo te kraze tout lakay nou yo.’”
Alò tande byen pawòl SENYÈ a, O 18fanm yo.
Kite zòrèy nou resevwa pawòl bouch Li.
Montre fi nou yo jan pou yo fè dèy.
Chak moun montre vwazen li yon chan lamante.
Paske 19lanmò fin antre nan fenèt nou nèt.
Li te antre nan palè nou yo
pou fèmen timoun yo andedan
ak jenn gason yo nan lari.
Pale, “Konsa di SENYÈ a,
“‘Kadav moun yo va tonbe tankou 20fimye bèt nan chan,
tankou men plen sereyal lè moun fin rekòlt la.
Pèsòn p ap ranmase yo.’”
Konsa pale SENYÈ a: 21
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
Men kite sila ki 22vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
Gade byen, gen jou k ap vini, “deklare SENYÈ a, ke Mwen va pini tout sila ki te sikonsi, men vrèman yo 23pa sikonsi— Égypte ak Juda, Édom ak fis a Ammon yo e Moab ak tout sila k ap viv nan dezè yo, k ap taye cheve sou de bò tanp yo; paske tout nasyon yo ensikonsi e tout lakay Israël se 24ensikonsi nan kè.”
Source notes (24)
- Cross-reference Jr 6:26
- Cross-reference Jr 5:7-8
- Cross-reference Sòm 12:2
- Cross-reference Mi 6:12
- Cross-reference Job 21:14-15
- Cross-reference Os 11:8
- Cross-reference Sòm 28:3
- Cross-reference Jr 12:4-10
- Cross-reference És 25:2
- Cross-reference Sòm 107:34
- Cross-reference II Kwo 7:19
- Cross-reference Jr 7:24
- Cross-reference Sòm 80:5
- Cross-reference Lev 26:33
- Cross-reference II Kwo 35:25
- Cross-reference És 22:4
- Cross-reference Det 28:29
- Cross-reference És 32:9
- Cross-reference II Kwo 36:17
- Cross-reference Sòm 83:10
- Cross-reference Ekl 9:11
- Cross-reference Sòm 20:7
- Cross-reference Jr 4:4
- Cross-reference Lev 26
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.