Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 10

Tande pawòl la ke SENYÈ a ap pale ak ou, O lakay Israël. Konsa pale SENYÈ a: 1

“Pa aprann abitid a nasyon yo,

ni pa vin krent sign nan syèl yo,

malgre nasyon yo krent yo anpil.

Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun;

konsi se 2bwa ki koupe nan forè,

zèv men atizan ki koupe ak zouti.

Yo dekore l ak ajan ak lò;

yo 3tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.

Yo tankou yon bwa palmis

ki fòme pa men moun,

men yo 4pa ka pale.

Fòk yo pote yo,

paske yo pa ka mache!

Pa krent yo;

paske yo p ap ka fè okenn mal,

ni yo p ap ka fè anyen ki bon.” 5

Nanpwen moun ki tankou Ou, O SENYÈ.

Ou gran!

Gran se non Ou an pwisans!

Se 6kilès ki pa ta krent Ou,

O Wa a nasyon yo?

Anverite, se sa Ou merite!

Paske pami tout moun saj nan nasyon yo,

ak nan tout wayòm yo,

nanpwen okenn tankou Ou.

Men yo tout ansanm se 7ensanse e plen ak foli;

enstwi pa zidòl yo——se bwa yo ye!

Ajan byen bat pote soti Tarsis ak lò ki sòti Uphaz,

travay a yon atizan e men a yon òfèv.

Vètman yo an vyolèt e mov;

tout se 8zèv a ouvriye byen fò.

Men SENYÈ a se 9vrè Bondye a;

Li se Bondye vivan an e Wa etènèl la.

Devan kòlè Li, tout latè tranble

e nasyon yo p ap ka sipòte gwo kòlè Li a.

Konsa ou va di yo: 10“dye ki pa t fè syèl la ak tè yo va peri soti sou latè ak anba syèl yo.”

Bondye te fè tè a pa pouvwa Li.

Li te 11etabli lemonn ak sajès Li;

ak konprann Li, Li te etann syèl yo.

Lè Li fè vwa L sone,

dlo yo mele nan syèl yo.

Li fè 12nwaj yo monte soti nan dènye pwent tè a.

Li fè loray pou lapli,

e Li fè van sòti nan depo Li yo.

Tout moun se 13ensanse, san konesans.

Tout òfèv yo vin wont akoz zidòl li;

paske imaj fonn li se desepsyon.

Nanpwen souf nan yo.

Yo 14san valè, yon zèv k ap twonpe.

Nan lè règleman pa yo, yo va peri.

Pòsyon ki pou Jacob la pa konsa;

paske 15Kreyatè a tout bagay se Li menm;

e Israël se tribi eritaj Li.

SENYÈ dèzame yo se non Li. 16

Leve pakèt ou atè a, nou menm ki anba syèj!

Paske konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, M ap 17voye pèp peyi sa a deyò nan moman sa a.

Mwen va fè yo pase anpil doulè, jis yo byen santi li.”

Malè a mwen, akoz 18blesi m nan!

Blesi m nan byen grav.

Men mwen te di:

“Anverite, sa se gwo doulè m;

fòk mwen pote l.” 19

Tant mwen an fin detwi.

Tout kòd mwen yo fin chire.

Fis mwen yo te kite mwen.

Yo pa la ankò.

Nanpwen moun ki pou laji tant mwen an ankò,

ni pou monte rido mwen yo.

Paske bèje yo vin tankou bèt ensanse;

yo 20pa t chache SENYÈ a.

Akoz sa, yo pa reyisi;

tout bann mouton yo fin gaye.

Bri rapò a rive!

Gade byen, l ap vini— yon gwo zen k ap 21sòti nan peyi nò a!

K ap fè vil a Juda yo vin yon dezolasyon,

yon andwa pou chen mawon.

Mwen konnen, O SENYÈ, ke 22chemen a yon nonm pa nan li menm,

ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li. 23

Korije mwen, O SENYÈ, men avèk jistis;

pa nan kòlè Ou,

sinon Ou va fè m vin pa anyen menm. 24

Vide gwo kòlè Ou a sou nasyon ki pa konnen Ou yo

ak sou fanmi ki pa rekonèt non Ou yo;

paske yo te devore Jacob.

Yo te devore li, manje l nèt e te devaste tout abitasyon li an.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Lev 18:3
  2. Cross-reference És 44:9-20
  3. Cross-reference És 40:20
  4. Cross-reference Sòm 115:5
  5. Cross-reference Egz 15:11
  6. Cross-reference Rev 15:4
  7. Cross-reference Jr 4:22
  8. Cross-reference Sòm 115:4
  9. Cross-reference És 65:16
  10. Cross-reference Sòm 96:5
  11. Cross-reference Sòm 78:69
  12. Cross-reference Job 36:27-29
  13. Cross-reference Jr 10:8
  14. Cross-reference És 41:24
  15. Cross-reference És 45:7
  16. Cross-reference Éz 12:3-12
  17. Cross-reference I Sam 25:29
  18. Cross-reference Jr 14:17
  19. Cross-reference Jr 4:20
  20. Cross-reference Jr 2:8
  21. Cross-reference Jr 1:14
  22. Cross-reference Pwov 16:1
  23. Cross-reference Sòm 6:1
  24. Cross-reference Sòm 79:6-7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.