Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 11

Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: “Koute pawòl 1akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, 2“Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan 3founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ pou m ka etabli 4sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’”

Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘5Tande pawòl akò sa a pou fè yo. ‘Paske Mwen te 6avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout 7pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”

Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon 8konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo 9te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap 10mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va 11ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase 12 gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.

“Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen 13p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.

Ki dwa 14byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an

konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason,

epi chè sen an fin kite ou?

Lè ou te fè mal sa a,

konsa, ou te rejwi.”

SENYÈ a te bay ou non:

“Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”.

Ak 15gwo bri, li te limen dife sou non sa a,

e branch li yo te kase.

SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak 16ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.

Anplis, SENYÈ a te 17fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. Men mwen te tankou yon 18jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,

“Annou detwi bwa a ak fwi li.

Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo,

pou non li pa sonje ankò.”

Men O SENYÈ dèzame yo, ki 19fè jijman ki dwat yo,

ki sonde santiman ak kè yo,

kite mwen wè vanjans Ou sou yo;

paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.

Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye 20Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! 21Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. Menm yon retay 22p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Egz 19:5
  2. Cross-reference Det 27:26
  3. Cross-reference Det 4:20
  4. Cross-reference Egz 13:5
  5. Cross-reference Jn 13:17
  6. Cross-reference I Sam 8:9
  7. Cross-reference Lev 26:14-43
  8. Cross-reference Éz 22:25
  9. Cross-reference Jij 2:11-13
  10. Cross-reference II Wa 22:16
  11. Cross-reference Det 32:37
  12. Cross-reference Jr 3:24
  13. Cross-reference Jr 3:24
  14. Cross-reference Jr 13:27
  15. Cross-reference Sòm 83:2
  16. Cross-reference Jr 7:9
  17. Cross-reference I Sam 23:11-12
  18. Cross-reference És 53:7
  19. Cross-reference Jen 18:25
  20. Cross-reference Jr 1:1
  21. Cross-reference II Kwo 36:17
  22. Cross-reference Jr 6:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.