Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 12

Byen dwat, se Ou menm, O SENYÈ,

lè m plede ka m avèk Ou.

Anverite, mwen ta diskite yon ka lajistis avèk Ou.

Poukisa 1chemen mechan an byen reyisi konsa?

Poukisa tout sa ki aji nan manti yo rete alèz konsa?

Ou te plante yo. Wi, konsa yo fin pran rasin.

Yo grandi. Wi, yo fè fwi.

Ou 2toupre nan lèv yo, men lespri yo lwen W.

Men Ou konnen mwen, O SENYÈ.

Ou wè mwen.

Ou fè egzamen pou wè kè m vè Ou menm.

Rale yo akote, tankou mouton k ap prale labatwa;

mete yo apa pou 3jou gwo masak la.

Depi kilè peyi a va gen dèy konsa,

e 4vèdi chan an vin sèch konsa?

Akoz mechanste a sila ki rete ladann yo,

ni bèt ni zwazo detwi nèt;

akoz yo te di: “Li p ap wè dènye fen nou an.”

Si ou te kouri ak moun apye yo,

e yo fè ou bouke,

kijan ou ka fè kous ak cheval?

Malgre, nan yon peyi lapè, ou gen sekirite,

men kijan ou va reyisi nan 5vye rakbwa Jourdain an?

Paske menm 6frè ou yo ak lakay papa ou a;

menm yo menm, te fè trèt avèk ou!

Menm yo menm, te rele dèyè ou.

Pa kwè yo, malgre bèl pawòl dous.

“Mwen te abandone lakay Mwen an,

Mwen te abandone eritaj Mwen an;

Mwen fin bay 7fi byeneme a nanm Mwen an

pou antre nan men lènmi li yo.

Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon

k ap gwonde nan forè a.

Li te gwonde kont Mwen.

Akoz sa, Mwen te vin 8rayi li.

Èske eritaj Mwen an gen tan vin tankou yon zwazo takte nan lachas?

Èske gen 9zwazo voras kont li tout kote?

Ale, rasanble tout bèt sovaj nan chan yo.

Mennen yo pou yo ka devore!

Anpil 10bèje fin gate chan rezen Mwen yo.

Yo te foule chan Mwen an anba pye;

yo te fè bèl chan Mwen an vin yon savann dezole.

Li te vin yon dezè.

Abandonen, li plenyen devan M.

Tout latè vin dezole,

akoz pèsòn 11pa pran sa an kè.

Sou tout 12do mòn sèch nan dezè yo, destriktè yo vin parèt,

paske yon nepe SENYÈ a ap devore

soti nan yon pwent peyi a jis rive nan lòt la.

Nanpwen lapè pou pèsòn.

Se 13ble yo te simen e yo rekòlte pikan.

Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen.

Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”

Konsa pale SENYÈ a de tout 14vwazen mechan k ap atake eritaj ke Mwen te bay a pèp Mwen an, Israël: “Gade byen, Mwen prèt pou dechouke yo depi nan peyi pa yo. Anplis, Mwen va dechouke lakay Juda soti nan mitan yo. Epi li va vin rive ke apre Mwen dechouke yo, Mwen va ankò gen konpasyon pou yo. Mwen va 15mennen yo retounen, yo chak a eritaj pa yo, e yo chak nan pwòp peyi pa yo. Epi si, anverite, yo va 16aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an. Men si yo pa koute, alò, Mwen va 17dechouke nasyon sa a, dechouke e detwi li,” deklare SENYÈ a.

Source notes (17)
  1. Cross-reference Job 12:6
  2. Cross-reference És 29:13
  3. Cross-reference Jr 17:8
  4. Cross-reference Jl 1:10-17
  5. Cross-reference Jr 49:19
  6. Cross-reference Jen 37:4-11
  7. Cross-reference Jr 11:15
  8. Cross-reference Os 9:15
  9. Cross-reference II Wa 24:2
  10. Cross-reference Jr 6:3
  11. Cross-reference És 42:25
  12. Cross-reference Jr 3:2-21
  13. Cross-reference Lev 26:16
  14. Cross-reference Jr 49:1-7
  15. Cross-reference Am 9:14
  16. Cross-reference És 42:6
  17. Cross-reference Sòm 2:8-12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.