Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 8

“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “yo va 1mennen fè vin parèt zo a wa a Juda yo, ak zo a prens pa yo, zo a prèt yo ak zo a pwofèt yo, e zo a pèp Jérusalem yo soti nan tonm pa yo. Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout 2lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè. Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se 3lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo. “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a,

“‘Èske moun konn 4tonbe pou l pa leve ankò?

Èske moun konn vire kite pou l pa retounen

Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te 5vire akote nan enfidelite san rete a?

Yo kenbe rèd a desepsyon.

Yo refize retounen.

Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; 6

okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:

‘Kisa mwen te fè la a?’

Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,

tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.

Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.

Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;

men 7pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a. 8

“‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’,

epi lalwa SENYÈ a avèk nou?”

Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.

Mesye saj yo 9vin wont, yo vin deranje e sezi.

Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ a.

Ki kalite sajès k ap rete nan yo?

Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun,

ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo.

Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an,

yo tout 10lanvi gen sa ki pou lòt.

Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.

Yo 11fè gerizon pèp Mwen an ak pansman lejè.

Y ap di: “Lapè, lapè,” men nanpwen lapè.

Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo?

Anverite, yo pa t wont.

Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont.

Akoz sa, yo va 12tonbe pami sila k ap tonbe yo.

Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a. 13

“‘Anverite, Mwen va detwi yo nèt, “deklare SENYÈ a.

P ap gen rezen sou chan rezen an,

ni fig sou pye figye etranje a.

Fèy yo va fennen,

epi sa ke M te bay yo va disparèt.’”

“Poukisa nou chita an plas?

Rasanble nou!

Annou antre nan vil fòtifye yo,

epi la, annou rete an silans;

paske SENYÈ a, Bondye nou an,

te fè nou tonbe an silans.

Li te bannou 14dlo anpwazone pou nou bwè,

paske nou te peche kont SENYÈ a.

Nou 15te tann lapè, men anyen bon pa t vini;

yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.

Soti nan Dan te tande gwo souf cheval.

Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke;

paske yo te vini 16devore peyi a ak tout sa ki ladann,

vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.

“Paske gade byen, Mwen ap 17voye sèpan yo kont nou,

vipè yo ki p ap ka chame;

e yo va mòde nou,” deklare SENYÈ a.

Tristès Mwen depase gerizon; 18

kè M fennen anndan m!

Gade byen! Koute kri a fi pèp mwen an

soti nan yon peyi byen lwen:

“Èske SENYÈ a pa nan Sion?

Èske wa li a pa nan li?”

“Poukisa yo pwovoke fache Mwen ak imaj taye yo;

ak 19zidòl etranje yo?”

“Rekòlt la fin pase.

Gran sezon an fini,

e nou poko sove.”

Akoz fi a pèp mwen an brize,

mwen menm brize tou;

mwen fè dèy konsi pou yon mò.

Mwen kraze ba nèt.

Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?

Èske nanpwen doktè la?

Alò 20poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

Source notes (20)
  1. Cross-reference Éz 6:5
  2. Cross-reference II Wa 23:5
  3. Cross-reference Job 3:21-22
  4. Cross-reference Pwov 24:16
  5. Cross-reference Jr 5:6
  6. Cross-reference Éz 22:30
  7. Cross-reference Pwov 6:6-8
  8. Cross-reference Job 5:12-13
  9. Cross-reference És 19:11
  10. Cross-reference És 56:11
  11. Cross-reference Jr 6:4
  12. Cross-reference És 9:14
  13. Cross-reference Jr 14:12
  14. Cross-reference Det 29:18
  15. Cross-reference Jr 8:11
  16. Cross-reference Jr 3:24
  17. Cross-reference Nonb 21:6
  18. Cross-reference Jr 23:9
  19. Cross-reference Sòm 31:6
  20. Cross-reference Jr 14:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.