Bib Sen An
Jérémie 7
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 1“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, 2“Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a. 3Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’ Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou 4pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni 5 mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan 6peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan. Gade byen, nou ap mete konfyans nan 7pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou. Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè 8lòt dye ke nou pa t konnen, epi konsa,9vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo? Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon 10kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
“Men ale koulye a kote plas Mwen an 11Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la. Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te 12leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn. Akoz sa a, Mwen va fè rive nan 13kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a. Mwen va 14jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
“Pou ou menm, 15pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou. Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka 16vekse M. 17Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
Pou sa, pale Senyè BONDYE a, 18 “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e 19manje chè. Paske Mwen pa t 20pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: 21 ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’ Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo 22te fè an aryè olye yo fè devan. Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, 23Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te 24fè plis mal pase papa yo.
“Ou va 25pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou. Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki 26pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin 27rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
“Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te 28mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li. Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou 29brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen. 30Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò. 31Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale. Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske 32peyi a va devaste nèt.”
Source notes (32)
- Cross-reference Jr 17:19
- Cross-reference Jr 4:1
- Cross-reference Jr 7:8
- Cross-reference I Wa 6:12
- Cross-reference Det 6:14-15
- Cross-reference Jr 3:18
- Cross-reference Jr 7:4
- Cross-reference Egz 20:3
- Cross-reference Éz 23:39
- Cross-reference Mat 21:13
- Cross-reference Jij 18:31
- Cross-reference Jr 7:25
- Cross-reference Det 12:5
- Cross-reference Jr 15:1
- Cross-reference Egz 32:10
- Cross-reference Det 32:16-21
- Cross-reference Job 35:6
- Cross-reference És 42:25
- Cross-reference Éz 33:25
- Cross-reference I Sam 15:22
- Cross-reference Egz 15:26
- Cross-reference Jr 15:6
- Cross-reference II Kwo 36:15
- Cross-reference Jr 16:12
- Cross-reference Jr 1:7
- Cross-reference Jr 6:17
- Cross-reference Jr 6:30
- Cross-reference II Wa 21:3
- Cross-reference Lev 18:21
- Cross-reference Jr 19:6-11
- Cross-reference Det 28:26
- Cross-reference Lev 26:33
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.