Bib Sen An
Jérémie 4
“Si ou va 1retounen, O Israël”, deklare SENYÈ a, “si ou va retounen kote Mwen, e si ou va retire bagay abominab ou yo devan prezans Mwen; konsa, ou p ap deplase. Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, 2anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”
Paske se konsa SENYÈ a pale a mesye a Juda ak Jérusalem yo: “Kraze e prepare tè ki poze a; 3pa simen pami pikan yo. Sikonsi tèt nou a SENYÈ a e retire prepis kè nou, mesye Juda yo, ak sila ki rete Jérusalem yo, sinon kòlè Mwen va vin parèt tankou dife e brile 4pou okenn moun pa ka tenyen l, akoz mechanste a zèv nou yo. Deklare nan Juda e pwoklame nan Jérusalem, pou di: ‘Soufle twonpèt nan peyi a!’ Kriye fò! Di yo: 5 ‘Rasanble nou pou nou antre nan vil fòtifye yo.’ Leve yon drapo vè Sion! Chache sekou! Pa kanpe anplas, paske Mwen ap mennen 6malè sòti nan nò, ak gwo destriksyon.”
Yon 7lyon ale soti nan rak bwa li; yon destriktè a nasyon yo gen tan derape. Li fin kite plas li pou fè peyi ou a vin yon savann. Vil ou yo va pil mazi ki san moun pou rete ladan yo. Pou sa, 8abiye an twal sak! Rele fò! Kriye anmwey! Paske gwo kòlè SENYÈ a pa t kite nou. “Li va vin rive nan jou sa a,” deklare SENYÈ a: “ke kè a wa a ak kè prens yo va fè fayit. Prèt yo va sezi e 9pwofèt yo va etone.”
Nan lè sa a, mwen te di: “O, Senyè BONDYE! Asireman ou te pase pèp sa 10nan rizib nèt lè Ou te di: ‘Ou va gen lapè’. Men alò, yon nepe parèt sou gòj yo.”
Nan lè sa a, li va pale a pèp sa a, e a Jérusalem: “Yon 11van sechrès ki sòti nan mòn sèk nan dezè a, nan direksyon fi a pèp Mwen an—— li pa pou vannen ni pou netwaye. Yon van fò depase sa a——va vini sou lòd Mwen. Alò, anplis Mwen va pwononse jijman kont yo.”
Gade byen, li monte tankou nwaj, e cha lagè li yo kon toubiyon. Cheval li yo 12pi vit ke èg. Malè a nou menm, paske nou vin detwi nèt! Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè 13panse mechan nou yo va rete anndan ou? Paske yon vwa deklare soti 14Dan e pwoklame mechanste soti mòn Éphraïm. “Livre rapò li bay nasyon yo koulye a! Pwoklame sou Jérusalem, ‘Moun syèj yo sòti nan yon 15peyi lwen! Yo leve vwa yo kont vil Juda yo. Tankou gadyen k ap veye yon chan an, yo kont li toupatou, akoz li te 16fè rebèl kont Mwen’”, deklare SENYÈ a. 17“Chemen pa ou yo ak zèv pa ou yo te mennen fè bagay sa yo rive ou. Sa se mal ou. Li amè anpil! A la sa rive jis nan kè ou!” 18
Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a. 19Dega sou dega vin pwoklame, paske tout peyi a fin detwi nèt. Sibitman, tant mwen yo vin devaste; rido mwen yo vin devaste nan yon moman. Pou konbyen de tan mwen va oblije wè drapo a, e koute son twonpèt la?
“Paske, pèp mwen an rete nan foli. Yo pa rekonèt Mwen. Yo se timoun sòt ki pa gen konprann. Yo koken nan 20fè mal, men pou fè sa ki bon, yo pa konnen.” Mwen te gade sou tè a e, gade byen, li te 21san fòm e vid; vè syèl yo men yo pa t gen limyè. Mwen te gade vè mòn yo, e gade byen, yo t ap 22souke; tout kolin yo te fè mouvman ale retou. Mwen te gade, e gade byen, pa t gen moun, e tout 23zwazo syèl yo te vin sove ale. Mwen te gade e gade byen, bon peyi fètil la te vin yon dezè, e tout vil li yo te fin demoli devan SENYÈ a, devan gwo kòlè Li. Paske konsa pale SENYÈ a: 24“Tout peyi a va dezole; malgre, Mwen p ap fin detwi li nèt. Pou sa, tout latè va kriye ak doulè, e syèl anwo yo va fènwa, akoz Mwen te pale sa a. Mwen te fè plan sa a, e Mwen p ap chanje lide Mwen. Ni Mwen p ap detounen sou sa.”
Ak bri chevalye a, ak mèt banza yo, 25tout vil yo vin sove ale. Yo antre nan gran rak bwa, e yo monte sou wòch yo. Tout vil yo vin abandone e nanpwen pèsòn ki rete ladan yo. Ou menm, O sila ki dezole a, 26se kisa ou va fè? Malgre ou abiye an kramwazi, malgre ou dekore kò ou ak dekorasyon an lò, malgre ou agrandi zye ou ak penti, se anven ou fè kò ou bèl la. Sila ki renmen ou yo meprize ou. Yo chache lavi ou. Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap 27soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pèdi kouraj nèt devan asasen yo.”
Source notes (27)
- Cross-reference Jr 3:22
- Cross-reference És 48:1
- Cross-reference Mat 13:7
- Cross-reference Am 5:6
- Cross-reference Jos 10:20
- Cross-reference Jr 1:14-15
- Cross-reference Jr 5:6
- Cross-reference És 22:12
- Cross-reference És 29:9-10
- Cross-reference Éz 14:9
- Cross-reference Jr 13:24
- Cross-reference Lam 4:19
- Cross-reference Pwov 1:22
- Cross-reference Jr 8:16
- Cross-reference És 39:3
- Cross-reference És 1:20-23
- Cross-reference Sòm 107:17
- Cross-reference És 15:5
- Cross-reference Sòm 42:7
- Cross-reference Jr 9:3
- Cross-reference Jen 1:2
- Cross-reference És 5:25
- Cross-reference Jr 9:10
- Cross-reference Jr 12:11-12
- Cross-reference II Wa 25:4
- Cross-reference És 10:3
- Cross-reference És 42:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.