Bib Sen An
Jérémie 5
“Mache ale retou toupatou nan lari Jérusalem. Gade koulye a, e byen note. Chèche nan plas ouvri li yo. Si ou ka twouve yon moun 1ki fè jistis, k ap chache verite, alò Mwen va padone Jérusalem. E 2poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”
O SENYÈ, èske zye Ou pa chache verite? Ou te frape yo, men yo pa t santi doulè. Ou te fè yo megri, men yo pa t aksepte korije. Yo fè figi yo pi di pase wòch. Yo refize repanti.
Alò, mwen te di: “Se sèlman malere ke yo ye. Se ensanse yo ye; 3yo pa konnen chemen SENYÈ a, ni règleman a Bondye yo. Mwen va ale kote moun pwa yo. Se ak yo ke mwen va pale, paske 4yo menm konnen chemen SENYÈ a, ak règleman a Bondye yo.” Men yo menm tou, ak volonte ansanm te kraze jouk la, e chire tout kòd yo. Akoz sa, yon lyon ki sòti nan forè va touye yo. Yon lou dezè a va detwi yo, yon 5leyopa ap veye vil yo. Tout moun ki sòti kote yo va chire an mòso, akoz transgresyon yo anpil, enfidelite yo bokou.
Pou ki rezon Mwen ta padone ou? Fis ou yo te abandone Mwen pou yo 6sèmante pa sila ki pa dye yo. Lè M te fin bay yo manje vant plen, yo te fè adiltè. Yo te mache rive lakay pwostitiye a. Yo te tankou gwo cheval kò dyanm, byen nouri, yo chak t ap ranni dèyè 7madanm vwazen yo. “Èske Mwen pa dwe pini pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “Sou yon nasyon konsa, 8èske Mwen pa dwe pran vanjans?
“Ale monte nan ranje chan rezen li yo e detwi yo, men pa fin detwi nèt. Rache branch li yo, paske se pa pou SENYÈ a yo ye. Paske lakay Israël ak lakay Juda te fè M trèt anpil”, deklare SENYÈ a.
Yo te manti sou SENYÈ a, pou di: “Li pa la; malè p ap rive nou e nou 9p ap wè nepe ni gwo grangou. 10Pwofèt yo se tankou van, e pawòl la pa nan yo. Se konsa, li va rive yo!”
Pou sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo: “Akoz nou te pale pawòl sa a, gade byen, Mwen ap fè 11pawòl Mwen nan bouch ou vin dife, pèp sa a vin bwa a, e li va manje yo nèt. Gade byen, M ap 12fè parèt yon nasyon kont nou soti byen lwen, O lakay Israël,” deklare SENYÈ a. “Li se yon nasyon ki dire anpil, yon nasyon depi nan tan lansyen yo, yon nasyon ak yon lang ou pa konnen, ni ou p ap ka konprann sa y ap di. Fouwo pa yo se kon yon tonm tou 13louvri; yo tout se gèrye vanyan. Yo va devore rekòlt ou ak manje ou. Yo va devore fis ou yo ak fi ou yo. Yo va devore bann mouton ou yo ak twoupo ou yo. Yo va devore chan rezen ou yo ak figye etranje ou yo. Yo va kraze ak nepe, tout 14vil fòtifye ou yo, kote ou te konn mete konfyans ou.”
“Malgre, menm nan jou sa yo”, deklare SENYÈ a, “Mwen p ap fin detwi nou nèt. Li va vin rive ke lè yo di: ‘Poukisa SENYÈ Bondye nou an te fè nou tout bagay sa yo?’ ke ou va di yo: ‘Jan nou te abandone M nan pou te sèvi dye etranje nan peyi nou; alò, se konsa nou va 15sèvi etranje nan yon peyi ki pa pou nou.’
“Deklare sa a nan kay Jacob la e pwoklame li nan Juda, pou di: ‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen 16zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande. Èske nou pa 17krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’
“Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki 18di; yo te vire sou kote e yo te ale. Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki 19bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’ 20
“Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou. Paske moun mechan twouve yo pami pèp Mwen an. Y ap 21veye tankou moun k ap pran bèt nan pèlen. Yo ranje pèlen an. Se moun yo pran. Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen 22desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen. Yo fin 23gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo. 24
“Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?
“Yon bagay degoutan e 25etonan te rive nan peyi a: 26Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?
Source notes (26)
- Cross-reference Jen 18:26-32
- Cross-reference És 48:1
- Cross-reference És 27:11
- Cross-reference Mi 3:1
- Cross-reference Os 13:7
- Cross-reference Jos 23:7
- Cross-reference Jr 13:27
- Cross-reference Jr 9:9
- Cross-reference Jr 23:17
- Cross-reference Job 8:2
- Cross-reference És 24:6
- Cross-reference Det 28:49
- Cross-reference Sòm 5:9
- Cross-reference Os 8:14
- Cross-reference Det 28:48
- Cross-reference És 6:9
- Cross-reference Det 28:58
- Cross-reference Det 21:18
- Cross-reference Sòm 147:8
- Cross-reference Jr 2:17
- Cross-reference Sòm 10:9
- Cross-reference Jr 9:6
- Cross-reference Det 32:15
- Cross-reference Jr 5:9
- Cross-reference Jr 23:14
- Cross-reference Éz 13:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.