Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 3

Bondye di: 1“Si yon mari divòse ak madanm li, e li kite li pou jwenn yon lòt gason, èske li va retounen kote li? Èske tè sa a p ap souye nèt? Men ou se yon pwostitiye ak anpil renmen; sepandan, se bò kote M, ou vin vire,” deklare SENYÈ a.

“Leve zye ou pou wè mòn toutouni yo epi gade: “Se ki kote yo pa t kouche ak nou? Akote chemen yo, ou te chita tann yo. Tankou yon Arab nan dezè, ou te 2pouri peyi a ak pwostitisyon ou ak mechanste ou. Akoz sa, farinaj lapli te vin sispann e lapli sezon prentan pa t rive. Men fon ou te gen yon fontèn 3pwostitiye; ou te refize vin wont. Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’? 4

“‘Èske Li va fache jis pou tout tan? Èske Li va ensanse ak kòlè jiska lafen?’ Gade byen, ou te pale, ou te fè bagay ki mal e ou te fè pwòp volonte ou.”

Alò, SENYÈ a te di m nan jou a wa Josias yo: “Èske ou te wè sa ke Israël enfidèl te fè a? Li te 5monte sou tout kolin ki wo yo e anba tout bwa vèt. La, li te yon pwostitiye. 6Mwen te reflechi: ‘Apre li fin fè tout bagay sa yo, li va retounen kote Mwen.’ Men li pa t retounen e sè trèt li a, Juda, te wè l. Konsa, lè Mwen te wè tout enfidelite ak pwostitiye li yo, Mwen te voye li ale, e Mwen te fè yon dekrè pou divòse ak li. Men 7sè trèt li a, Juda, pa t gen lakrent, men li te ale fè pwostitiye tou. Akoz li te pran pwostitiye li a kon yon bagay lejè, li te pouri peyi a e te fè adiltè ak 8wòch ak pyebwa. Men malgre tout sa, sè trèt li a, Juda, pa t retounen kote Mwen ak tout kè l, men pito ak 9desepsyon”, deklare SENYÈ a.

Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda. Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: 10 ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. Sèlman 11rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a. “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon 12mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.” “Konsa, Mwen va bannou bèje selon pwòp kè Mwen, ki va 13fè nou manje sou konesans ak bon konprann. Li va vin rive nan jou sa yo ke lè nou vin ogmante, e vin anpil nan peyi a”, deklare SENYÈ a, “yo 14p ap di mo ankò: ‘Lach akò SENYÈ a’. Ni sa p ap vini nan tèt yo. Yo p ap sonje li, yo p ap remake pèt li, ni li p ap refèt ankò. Nan lè sa a, yo va rele Jérusalem: 15 ‘Twòn SENYÈ a’ e tout nasyon yo va rasanble vè li; vè Jérusalem, vè non SENYÈ a. Ni yo p ap ankò mache ak tèt di ak kè mechan yo. Nan jou sa yo, lakay Juda va mache ak lakay Israël, e yo va vini ansanm sòti nan peyi nò pou rive nan 16peyi ke Mwen te bay a papa zansèt nou yo kon eritaj la.”

“Epi Mwen te di: ‘Kòman Mwen fè lanvi pou plase ou pami fis Mwen yo, e bay ou yon bèl peyi, eritaj ki 17pi bèl pami nasyon yo!’ Epi Mwen te di: ‘Ou va rele Mwen: “Papa Mwen”, e ou p ap detounen sispann swiv Mwen.’”

“Anverite, kon yon fanm fè trèt pou kite mari li, se konsa ou te 18fè trèt kite Mwen, O lakay Israël”, deklare SENYÈ a. Yon vwa vin tande sou wotè mòn vid yo; vwa k ap kriye ak vwa siplikasyon a fis Israël yo; akoz yo te pèvèti chemen yo, yo te 19bliye SENYÈ a, Bondye yo. “Retounen, O fis enfidèl, Mwen va geri enfidelite ou.”

“Gade byen, nou vin kote Ou; paske Ou se SENYÈ a, Bondye nou an. Anverite, soutyen 20kolin yo se yon desepsyon, yon zen sou mòn yo. Anverite, SENYÈ a, Bondye nou an, se sali Israël. Men 21afè wont sa a te manje fòs zèv zansèt nou yo depi nan jenès nou. Li te manje bann mouton yo ak twoupo yo, fis ak fi yo. Kite nou kouche nan wont nou, e kite imilyasyon kouvri nou. Paske nou te peche kont Senyè a, nou menm ak papa nou yo, depi nan jenès nou yo, jis rive menm jodi a. E nou pa t obeyi lavwa Senyè a, papa nou.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Det 24:1-4
  2. Cross-reference Jr 2:7
  3. Cross-reference Lev 26:19
  4. Cross-reference Sòm 103:9
  5. Cross-reference Jr 17:2
  6. Cross-reference II Wa 17:13
  7. Cross-reference Éz 16:46-47
  8. Cross-reference És 57:6
  9. Cross-reference Jr 12:2
  10. Cross-reference Jr 3:14-22
  11. Cross-reference Det 30:1-3
  12. Cross-reference Jr 31:32
  13. Cross-reference Trav 20:28
  14. Cross-reference És 65:17
  15. Cross-reference Jr 17:12
  16. Cross-reference Am 9:15
  17. Cross-reference Sòm 16:6
  18. Cross-reference És 48:8
  19. Cross-reference És 17:10
  20. Cross-reference Jr 17:2
  21. Cross-reference Os 9:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.