Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 2

Alò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen epi te di: “Ale e pwoklame nan zòrèy a Jérusalem pou di: ‘Konsa pale SENYÈ a:

“Mwen sonje de ou, 1jan ou te renmen M lè ou te jenn;

lanmou ou lè ou te fiyanse avè M,

jan ou te swiv Mwen nan dezè a,

nan yon peyi ki pa t konn simen.

Israël te sen a SENYÈ, 2premye a rekòlt Li a.

Tout moun ki te manje de li va vin koupab.

Se mal ki va rive yo,’” deklare SENYÈ a.”

Tande pawòl SENYÈ a, O lakay Jacob ak tout fanmi lakay Israël yo.

Konsa pale SENYÈ a: 3

“Ki enjistis papa zansèt nou yo

te jwenn nan Mwen,

pou yo te ale lwen Mwen,

pou yo te mache dèyè sa ki vid

pou te vin vid yo menm?

Yo pa t mande: ‘Kote SENYÈ a

ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la,

ki te mennen nou nan dezè a,

pou travèse yon peyi dezè ak fòs yo,

nan yon peyi ak sechrès e ak fon tenèb,

yon peyi ke pèsòn pa t konn travèse

e kote okenn moun pa t rete?’

Mwen te mennen ou antre nan yon peyi fètil

pou manje fwi li ak bon bagay li yo.

Men nou te vini, e nou te 4souye peyi Mwen an ak eritaj Mwen an,

nou te fè li vin abominab.

Prèt yo pa t di: ‘Kote SENYÈ a ye?’

Epi sila yo ki te responsab lalwa a 5pa t rekonèt Mwen.

Chèf yo tou te fè transgresyon kont Mwen;

pwofèt yo te pwofetize pou Baal,

e te mache dèyè bagay ki pa t gen benefis.

“Pou sa, jiska prezan, Mwen va 6fè kont avèk nou”, deklare SENYÈ a:

“Menm avèk pitit a pitit nou yo, Mwen va fè kont.

Alò, 7travèse rive nan peyi kot yo nan Kittim pou wè;

voye Kédar pou obsève e wè si janmen te gen yon bagay konsa!

Èske yon nasyon janm te chanje dye pa yo,

malgre, se pa dye yo te ye?

Men pèp Mwen an te 8fè echanj glwa pa yo pou sa ki san benefis.

Menm 9 syèl yo etone, jis yo vin fremi.

Rete byen dezole, deklare SENYÈ a.

Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal:

Yo te abandone Mwen, 10fontèn dlo vivan yo,

epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn;

sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.

Èske Israël se yon 11esklav?

Èske li se yon esklav ki te fèt lakay nou?

Pou ki rezon li te devni yon kaptif?

Jenn 12lyon yo gwonde sou li;

ak gwo bri yo leve vwa yo.

Yo te fin gate peyi li nèt.

Vil li yo brile nèt.

Pa gen moun ki pou rete ladann.

Anplis, mesye Memphis ak Tachpanès yo

te brize 13kouwòn tèt ou a.

Èske Se pa ou menm ki 14fè sa

lè ou kite SENYÈ Bondye ou a,

pandan Li t ap mennen ou nan chemen an?

Men koulye a, se kisa w ap fè 15nan wout pou rive Égypte la,

lè w ale pou bwè dlo nan Rivyè Nil lan?

Oswa se kisa w ap fè nan wout pou ale Assyrie a,

pou bwè dlo nan flèv pa yo a?

Pwòp mechanste ou va korije ou,

e 16enfidelite ou va repwoche ou.

Pou sa, konnen e wè ke se mal e anmè ke ou

te abandone SENYÈ a, Bondye ou a.

Laperèz Mwen pa nan ou,” deklare Senyè BONDYE dèzame yo.

Paske lontan sa, 17Mwen te kraze jouk ou a.

Mwen te chire kòd mare ou yo.

Men ou te di: “Mwen p ap sèvi!’

Paske sou chak kolin ki wo, e anba chak bwa vèt,

ou te kouche tankou pwostitiye.

Sepandan, Mwen te plante chan rezen pi chwazi pou ou,

yon grenn ki fidèl nèt.

Alò kòman konsa ou te vin detounen devan M

pou tounen yon 18boujon ki dejenere nèt

sou yon chan rezen etranje?

Malgre se ak savon lesiv ou ta savonnen ak anpil savon, 19

tach inikite ou rete devan M,”

deklare Senyè BONDYE a. 20

“Kòman ou ka di: ‘Mwen pa sal,

Mwen pa t kouri dèyè Baal yo?’

Gade chemen ou nan vale a!

Konnen byen sa ou te fè a!

Ou se yon jenn femèl chamo byen rapid,

k ap fè chemen l kote li pito.

Yon 21femèl bourik mawon ki abitye nan savann nan,

k ap pran sant van pou lè l bezwen kwaze ak mal.

Nan lè chalè li, se kilès ki ka detounen l?

Tout moun k ap chache l p ap fatige kò yo;

nan mwa li, yo va jwenn ak li.

Kenbe bon fè sou pye ou e mouye gòj ou pou ou pa swaf;

men ou te di: ‘Sa p ap ka fèt, Non!

Paske mwen te fè renmen ak etranje yo;

se dèyè yo m ap prale.’

Tankou 22vòlè vin wont lè l vin dekouvri,

se konsa lakay Israël vin wont—

wa yo, prens yo, ak prèt yo ak pwofèt yo!

kap di pyebwa a: ‘Se ou ki papa mwen’,

epi a yon wòch: ‘Se ou ki fè mwen.’

Paske yo te 23vire do ban Mwen olye figi yo;

men nan tan gwo pwoblèm yo,

yo va di Mwen: ‘Leve pou sove nou.’

Men kote 24dye ke ou te fè pou kont ou yo ye?

Kite yo leve, si yo ka sove ou nan tan twoub ou yo;

paske selon fòs kantite vil ou yo, kantite dye ou ye, O Juda.

Poukisa ou fè kont avè M? 25

Nou tout te fè transgresyon kont Mwen,” deklare SENYÈ a. 26

“Anven Mwen te frape fis ou yo;

men yo pa t aksepte okenn chatiman.

Nepe ou te fin devore pwofèt ou yo tankou lyon k ap detwi.

O jenerasyon, koute byen a pawòl SENYÈ a.

Èske Mwen te yon dezè pou Israël,

oswa yon peyi fènwa byen pwès?

Poukisa pèp Mwen an di: 27 ‘Nou lib pou nou gaye toupatou.

Nou p ap vin kote Ou ankò?’

Èske vyèj la ka bliye dekorasyon li yo,

oswa fi maryaj la, vètman li an?

Sepandan, pèp Mwen an fin 28bliye Mwen

pandan jou ki pa ka menm konte.

A la byen ou prepare chemen ou pou chache lanmou!

Konsa, menm fanm mechan yo, ou te enstwi nan chemen ou yo.

Anplis, sou jip ou, yo twouve 29san lavi a malere ki inosan yo.

Ou pa t jwenn yo t ap kase kay ou.

Men se akoz tout bagay sa yo,

Sepandan, ou te di: ‘Mwen inosan.

Asireman, kòlè Li pa sou mwen.’

Gade byen, Mwen va 30antre nan jijman avèk ou, paske ou di:

‘Mwen pa t peche.’

Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou?

Anplis, 31Égypte va fè ou wont,

menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.

Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt;

paske SENYÈ a te rejte 32sila ke ou te fè konfyans yo

e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”

Source notes (32)
  1. Cross-reference Éz 16:8
  2. Cross-reference Jc 1:18
  3. Cross-reference És 5:4
  4. Cross-reference Sòm 106:38
  5. Cross-reference Jr 4:22
  6. Cross-reference Jr 2:35
  7. Cross-reference És 23:12
  8. Cross-reference Sòm 106:20
  9. Cross-reference És 1:2
  10. Cross-reference Sòm 36:9
  11. Cross-reference Jr 5:19
  12. Cross-reference Jr 50:17
  13. Cross-reference Det 33:20
  14. Cross-reference Det 32:10
  15. Cross-reference És 30:2
  16. Cross-reference És 3:9
  17. Cross-reference Lev 26:13
  18. Cross-reference És 5:4
  19. Cross-reference Job 14:7
  20. Cross-reference Pwov 30:12
  21. Cross-reference Jr 14:6
  22. Cross-reference Jr 48:27
  23. Cross-reference Jr 18:17
  24. Cross-reference Det 32:37
  25. Cross-reference Jr 5:1
  26. Cross-reference És 1:5
  27. Cross-reference Det 32:15
  28. Cross-reference Sòm 106:21
  29. Cross-reference II Wa 21:16
  30. Cross-reference Pwov 28:13
  31. Cross-reference II Kwo 28:16
  32. Cross-reference Jr 37:7-10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.