Bib Sen An
Jérémie 1
Pawòl a 1Jérémie yo, fis a Hilkija a, youn nan prèt yo ki te nan Anathoth nan peyi Benjamin. Pawòl SENYÈ a te vini kote li nan jou 2Josias yo, fis a Amon an, wa Juda a, nan trèzyèm ane règn li an. Li te anplis, vin rive nan jou 3Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan fen onzyèm ane Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, jis rive nan egzil a Jérusalem nan senkyèm mwa a. Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te 4deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske 5mwen se sèlman yon jennonm.”
Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e 6tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l. 7Pa pè yo, Paske Mwen avèk ou pou delivre ou”, SENYÈ a di.
Epi SENYÈ a te lonje men L e te 8touche bouch mwen. Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Gade byen, Mwen te mete pawòl Mwen nan bouch ou. Ou wè, 9Mwen te deziye ou nan jou sa a sou nasyon yo, ak sou wayòm yo, pou rache, pou demoli, pou detwi, pou boulvèse, pou bati ak pou plante.”
Pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: “Se kisa ou wè, 10Jérémie?” Mwen te reponn: “Mwen wè yon bout branch zanmann.”
Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Ou te wè byen; paske 11Mwen ap veye sou pawòl Mwen pou pawòl Mwen vin fèt.”
Pawòl SENYÈ a te vin kote mwen yon dezyèm fwa epi te di: “Se kisa ou wè”?
Epi mwen te di: “Mwen wè yon chodyè k ap bouyi, k ap apiye fas li kont nò a.” 12 Konsa, SENYÈ a te di mwen: 13“Depi nan nò a, mal la va pete vin parèt sou tout sila ki rete nan peyi a. Paske gade byen, Mwen ap rele tout fanmi a wayòm yo nan nò”, deklare SENYÈ a;
“Yo va vini, e yo chak va 14plase twòn yo
nan antre pòtay Jérusalem nan,
kont tout miray antoure li yo, e kont tout vil Juda yo.
Mwen va pwononse jijman Mwen sou yo pou tout mechanste yo,
akòz yo te abandone Mwen,
te 15ofri sakrifis a lòt dye yo,
e te adore pwòp zèv men pa yo.
“Alò, pou sa a, 16mare senti ou, epi leve pou pale yo tout sa ke M kòmande ou. Pa pè devan yo, sinon Mwen va fè ou pè devan yo. Gade byen, Mwen te fè ou menm jodi a kon yon vil fòtifye, kon yon pilye fè e kon miray an bwonz kont yon peyi nèt—a wa Juda yo, ak prens li yo, vè prèt li yo e a pèp a peyi a. Yo va goumen kont ou, men yo p ap reyisi; paske 17Mwen avèk ou pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
Source notes (17)
- Cross-reference II Kwo 35:25
- Cross-reference I Wa 13:2
- Cross-reference II Wa 23:34
- Cross-reference Jr 1:10
- Cross-reference I Wa 3:7
- Cross-reference Nonb 22:20
- Cross-reference Egz 3:12
- Cross-reference És 6:7
- Cross-reference Rev 11:3-6
- Cross-reference Jr 24:3
- Cross-reference Jr 31:28
- Cross-reference Za 4:2
- Cross-reference És 41:25
- Cross-reference És 22:7
- Cross-reference Jr 7:9
- Cross-reference I Wa 18:46
- Cross-reference Nonb 14:9
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.