Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 66

Konsa pale SENYÈ a: 1

“Syèl la se twòn Mwen e tè a se machpye M.

Alò, ki kote ou ta kab bati yon kay pou Mwen?

Epi ki kote pou M ta ka repoze?

Paske se 2men M ki te fè tout bagay sa yo;

se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a.

“Men, anvè sila Mwen va gade;

sila ki enb ak kè ki repanti a,

e ki tranble devan pawòl Mwen yo.

Men sila ki touye yon bèf la,

li tankou sila ki touye yon moun nan;

sila ki fè sakrifis a yon jenn mouton an,

li tankou yon moun ki kase kou a yon chen;

sila ki fè ofrann sereyal la, li tankou sila ki ofri san kochon an;

sila ki brile lansan an, li tankou sila ki fè beni yon zidòl la.

Konsi yo te chwazi pwòp chemen pa yo,

e nanm yo pran gwo plezi nan abominasyon yo.

Konsa, Mwen va deziye pinisyon yo,

e Mwen va mennen sou yo sa ke yo plis pè a.

Paske Mwen te rele, men pèsòn pa t reponn;

Mwen te pale, men yo pa t koute,

men se 3mal yo te fè devan zye M,

e yo te chwazi sa ki pa t fè M plezi.”

Tande pawòl SENYÈ a,

nou menm ki tranble devan pawòl Li yo:

“Frè nou ki rayi nou yo, ki 4rejte nou akoz non Mwen,

Yo te di:

‘Kite SENYÈ a resevwa glwa,

pou nou ka wè nou fè kè kontan.’

Men sila yo k ap wont.

Yon vwa gwo boulvèsman soti nan vil la,

yon vwa soti nan tanp lan;

vwa SENYÈ a k ap 5rann rekonpans a lènmi Li yo.

“Avan fi a gen doulè, li te anfante;

avan gwo doulè a te rive li, 6li te fè yon gason.

Se 7kilès ki te tande yon koze konsa a?

Kilès ki te wè yon bagay konsa?

Èske yon peyi kapab fèt nan yon sèl jou?

Èske yon nasyon ka vin parèt nan yon enstan?

La menm Sion te vin gen doulè,

li te fè fis li yo vin parèt.

Èske Mwen va rive pre pwen akouchman an,

pou mwen 8pa livre pitit la?” pale SENYÈ a.

“Oswa èske Mwen ki fè fanm akouche a,

ta fèmen vant lan?” pale Bondye nou an.

“Fè 9kè kontan ak Jérusalem,

e rejwi de li, nou tout ki renmen li yo.

Fè kè kontan anpil, nou tout ki te fè kè tris pou li yo,

pou nou kapab souse e 10jwenn satisfaksyon nan tete li,

pou nou kapab souse pou jwenn plezi nan gwo lestonmak li a.”

Paske konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, Mwen lonje bay fi a 11lapè tankou yon rivyè

e glwa a nasyon yo kon yon flèv k ap debòde.

Nou va vin pran tete,

nou va pote sou kwis e vin jwe sou jenou.

Tankou yon timoun ki jwenn rekonfò a manman l,

se konsa Mwen va 12rekonfòte nou;

epi nan Jérusalem, nou va rekonfòte.”

Nou va wè sa; 13

kè nou va kontan e zo nou

va fleri tankou zèb vèt tounèf.

Men SENYÈ a va rekonèt pa sèvitè Li yo;

men Li va fè gwo kòlè kont lènmi Li yo.

Paske gade byen, SENYÈ a va vini avèk dife,

e 14cha Li yo va tankou van toubiyon.

Li va rann kòlè Li ak gwo raj

e repwòch Li ak flanm dife.

Paske SENYÈ a va egzekite jijman ak 15dife

e avèk nepe Li sou tout chè;

e sila ki va touye pa nepe yo va anpil.

“Sila ki sanktifye e pirifye tèt pou ale nan jaden yo, k ap swiv moun mitan an, ki manje chè kochon, bagay abominab, ak sourit la, va sispann 16nèt”, deklare SENYÈ a. “Paske Mwen konnen zèv yo ak 17panse yo. Lè a ap rive pou rasanble tout nasyon ak tout lang yo. Konsa, yo va vini wè glwa Mwen. Mwen va mete yon sign pami yo e Mwen va voye bay nasyon yo sila ki chape pami yo: Tarsis, Pul, Lud, Tubal ak Javan, nan peyi kot byen lwen ki pa t janm tande afè laglwa Mwen, ni ki pa t konn wè laglwa Mwen. Epi yo va 18deklare glwa Mwen pami nasyon yo. Yo va 19mennen tout frè nou yo soti nan tout nasyon yo kon yon ofrann sereyal a SENYÈ a. Yo va vini sou cheval, nan cha, sou kabwèt kouvri, sou milèt ak chamo pou rive sou mòn sen Mwen an, Jérusalem”, di SENYÈ a. “Jis konsa, fis Israël yo pote ofrann sereyal nan yon veso pwòp a lakay SENYÈ a. Anplis, Mwen va pran kèk nan yo kon 20prèt ak Levit”, SENYÈ a di.

“Paske menm jan ke 21syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt. Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène 22devan Mwen,” SENYÈ a di. “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske 23vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”

Source notes (23)
  1. Cross-reference I Wa 8:27
  2. Cross-reference És 40:26
  3. Cross-reference II Wa 21:2-6
  4. Cross-reference Mat 5:10-12
  5. Cross-reference És 59:18
  6. Cross-reference Rev 12:5
  7. Cross-reference És 64:4
  8. Cross-reference És 37:3
  9. Cross-reference Det 32:43
  10. Cross-reference És 49:23
  11. Cross-reference Sòm 72:3-7
  12. Cross-reference És 12:1
  13. Cross-reference Za 10:7
  14. Cross-reference Sòm 68:17
  15. Cross-reference És 30:30
  16. Cross-reference És 1:28-31
  17. Cross-reference És 59:7
  18. Cross-reference I Kwo 16:24
  19. Cross-reference És 43:6
  20. Cross-reference Egz 19:6
  21. Cross-reference És 65:17
  22. Cross-reference És 19:21-23
  23. Cross-reference És 14:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.