Bib Sen An
Ésaïe 65
“Mwen te chache pa 1sila
ki pa t mande pou Mwen yo;
Mwen te twouve pa sila
ki pa t chache M.
Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’
a yon nasyon ki pa t rele non Mwen. 2
Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl,
ki mache nan chemen ki pa bon,
k ap swiv pwòp panse pa yo,
Yon pèp ki 3pwovoke M tout tan nan figi M,
k ap ofri sakrifis nan jaden yo
e k ap brile lansan sou brik yo;
ki chita nan mitan tonm yo
e ki pase nwit lan kote kache yo;
ki 4manje chè kochon,
ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
Ki di: 5‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen;
mwen pi sen pase ou’!
Sila yo se lafimen nan nen Mwen,
yon dife ki brile tout lajounen.
“Gade byen, li ekri devan Mwen:
Mwen p ap rete an silans,
men 6Mwen va bay rekonpans;
Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
ni pou pwòp inikite pa yo
ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a.
“Akoz yo te brile lansan sou mòn yo
e te moke M sou kolin yo;
pou sa, Mwen va 7mezire zèv yo te fè,
jis rive nan lestonmak yo.”
Konsa pale SENYÈ a;
“Menm jan diven tounèf twouve nan yon grap rezen,
e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’:
konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo,
pou M 8pa detwi yo tout.
Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo
e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda.
Menm 9chwazi pa M yo va eritye l
e sèvitè Mwen yo va demere la.
Saron va yon peyi ki fè patiraj
pou bann mouton yo,
e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze,
pou pèp Mwen ki 10chache Mwen an.
“Men nou menm ki 11abandone SENYÈ a,
ki bliye mòn sen Mwen an,
ki ranje yon tab pou Gran Chans,
ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
Mwen va ranje desten nou ak nepe,
e nou tout va bese devan masak la.
Akoz Mwen te rele nou, men nou 12pa t reponn;
Mwen te pale, men nou pa t tande.
Epi nou te fè mal devan zye M,
e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, sèvitè Mwen yo va 13manje,
men nou va rete grangou.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè,
men nou va rete swaf.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi,
men nou va twouve gwo wont.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan,
men nou va 14kriye fò ak yon kè plen doulè,
e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
Ou va kite non nou kon yon malediksyon
a moun chwazi pa Mwen yo,
e Senyè BONDYE a va touye nou.
Li va rele sèvitè Li yo pa yon 15lòt non.
Paske sila ki beni sou tè a,
va beni pa 16Bondye verite a;
epi sila ki sèmante nan tout tè a,
va sèmante pa Bondye verite a;
paske ansyen twoub yo fin bliye
e paske yo kache devan zye M.”
Paske gade byen,
Mwen va kreye yon 17syèl tounèf,
ak yon tè tounèf;
epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,
ni p ap menm antre nan panse.
Men 18fè kè kontan e rejwi nou
jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;
paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,
e pèp li a pou kè kontan.
Anplis, Mwen va 19rejwi de Jérusalem.
Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an.
Epi p ap tande ankò nan li
vwa kriye ak son moun k ap kriye.
“P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou,
ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo;
paske jenn yo va mouri nan laj santan
e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
Yo va 20bati kay yo pou yo viv ladann;
anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann,
yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje.
Paske 21kon lavi a yon pyebwa, se konsa
jou a pèp Mwen an va ye,
e moun chwazi pa M yo va gen tan
rejwi nan pwòp zèv men yo.
Yo 22p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè;
paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a,
e anplis, desandan yo, menm jan.
Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;
epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va 23tande. 24
Lou ak ti mouton va manje ansanm.
Lyon an va manje pay kon bèf.
Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an.
Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,”
di SENYÈ a.
Source notes (24)
- Cross-reference Wo 9:24-26
- Cross-reference Wo 10:21
- Cross-reference Job 1:11
- Cross-reference Lev 11:7
- Cross-reference Mat 9:11
- Cross-reference Jr 16:18
- Cross-reference Jr 5:29
- Cross-reference És 1:9
- Cross-reference És 57:13
- Cross-reference És 51:1
- Cross-reference Det 29:24-25
- Cross-reference II Kwo 36:15-16
- Cross-reference És 1:19
- Cross-reference És 13:6
- Cross-reference És 62:2
- Cross-reference Egz 34:6
- Cross-reference És 66:22
- Cross-reference Sòm 98
- Cross-reference És 62:4-5
- Cross-reference És 32:18
- Cross-reference Sòm 92:12-14
- Cross-reference Det 28:3-12
- Cross-reference Sòm 91:15
- Cross-reference És 11:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.