Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 36

Nan 1katriyèm ane Jojakim, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: “Pran yon woulo e ekri sou li tout pawòl ke M te pale ou konsènan 2Israël, konsènan Juda, e konsènan tout nasyon yo, depi nan jou ke M te premyèman pale ak ou a, depi nan jou a Josias yo, jis pou rive nan jou sa a. Petèt, lakay Juda va tande afè tout malè ke M gen lentansyon fè rive yo, jiskaske tout moun va detounen kite chemen mechan pa yo; epi konsa, Mwen kapab 3padone inikite ak peche yo.”

Konsa, Jérémie te rele Baruc, fis a Nérija a, e Baruc te ekri sou yon 4woulo, selon dikte Jérémie, tout pawòl ke SENYÈ a te pale a li yo. Jérémie te kòmande Baruc. Li te di: “Mwen 5limite. Mwen p ap ka antre lakay SENYÈ a. Akoz sa, ou va ale li depi nan woulo ke ou te ekri selon dikte mwen an, pawòl a SENYÈ a. Li l a pèp lakay SENYÈ a nan yon 6jou jèn. Epi anplis, ou va li yo a tout pèp Juda a lè yo antre sòti nan vil yo. 7Petèt siplikasyon yo va vini devan SENYÈ a, e tout moun va detounen kite chemen mechan yo. Paske kòlè ak gwo mekontantman SENYÈ a pwononse kont pèp sa a, byen gran.”

Baruc, fis a Nérija a, te fè selon tout sa ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande li yo. Li te 8li nan woulo pawòl a SENYÈ a, lakay SENYÈ a. Alò, nan senkyèm ane Jojakim lan, fis a Josias, wa a Juda a, nan nevyèm mwa a, tout pèp Jérusalem nan ak tout moun ki te antre soti nan vil Jérusalem yo, te pwoklame yon 9jèn devan SENYÈ a. Epi Baruc te li nan woulo pawòl a Jérémie yo lakay SENYÈ a nan 10chanm a Guemaria, fis Schaphan an, grefye nan tribinal anwo a, nan antre Pòtay Nèf la lakay SENYÈ a, devan tout pèp la.

Alò, lè 11Michée, fis a Guemaria, fis a Schaphan an, te tande tout pawòl a SENYÈ a soti nan liv la, Li te desann lakay wa a, nan chanm grefye a. Epi gade byen, tout ofisye yo te chita la—-12Élischama, grefye a, Delaja, fis a Schemaeja a, Elnathan, fis a Acbor a, Guemaria, fis a Schaphan an e Sédécias, fis a Hanania a, ak tout lòt chèf yo. Michée te 13deklare a yo menm tout pawòl ke li te tande lè Baruc te li soti nan liv a pèp la. Epi tout ofisye yo te voye Jehudi, fis a Nethania, fis a Schélémia, fis a Cuschi a, kote Baruc e te di: “Pran nan men ou woulo ke ou te li a pèp la e vini.”

Konsa Baruc, fis a Nethania, 14te pran woulo a nan men l e te ale kote yo. Yo te di li: “Chita la, souple e li li bannou.”

Konsa, Baruc te 15li li bay yo.

Lè yo te tande tout pawòl yo; ak gwo perèz, yo 16te vire youn vè lòt e yo te di a Baruc: “Anverite, nou va bay rapò tout pawòl sa yo bay wa a.” Epi yo te mande Baruc e te di: “Di nou, souple, 17kijan ou te ekri tout pawòl sa yo? Èske se te selon dikte pa li?”

Epi Baruc te di yo: “Li te 18dikte tout pawòl sa yo e mwen te ekri yo ak lank nan liv la.” Alò, ofisye yo te di a Baruc: “Ale, 19kache tèt ou, ou menm ak Jérémie e pa kite pèsòn konnen kote nou ye.”

Pou sa, yo te ale kote 20wa a nan lakou a, men yo te depoze woulo a nan chanm Élischama, grefye a, e yo te fè rapò tout pawòl sa yo a wa a. Epi wa a te voye Jehudi chache woulo a, e li te retire li nan chanm Élischama, grefye a. Epi Jehudi 21te li li bay wa a ansanm ak tout ofisye ki te kanpe akote wa a. Alò, wa a te chita nan 22kay sezon livè a, nan nevyèm mwa a, ak dife ki t ap brile nan recho la devan l. Lè Jehudi te fin li twa oswa kat pòsyon, wa a te koupe li ak yon kouto e te 23jete li nan dife ki te nan recho a, jiskaske woulo a te fin manje nèt nan dife ki te nan recho a. Malgre sa, wa a ak tout sèvitè ki te tande pawòl sila yo 24pa t pè, ni yo pa t chire rad yo. Menmsi Elnathan, Delaja ak Guemaria te 25sipliye wa a pou l pa brile woulo a, li te refize koute yo. Epi wa a te kòmande Jerachmeel, fis a wa a, Seraja, fis Azriel e Schélémia, fis a Abdeel, pou 26sezi Baruc, grefye a ak Jérémie, pwofèt la, men SENYÈ a te kache yo.

Epi pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè wa a te fin 27brile woulo pawòl ke Baruc te ekri selon dikte Jérémie a e te di: 28“Pran ankò yon lòt woulo e ekri sou li tout menm pawòl ki te ekri sou premye woulo ke Jojakim, wa Juda a, te brile a. Epi konsènan Jojakim, wa Juda a, ou va di: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Ou te brile woulo sa a e ou te di: 29 ‘Poukisa ou te ekri sou li ke wa Babylone nan va, anverite, vin detwi peyi sa a e va fè ni lòm ni bèt vin disparèt ladann?’”’ ‘Akoz sa’, pale SENYÈ a konsènan Jojakim wa Juda a: “Li 30p ap gen okenn moun ki pou chita sou twòn David la, e kadav li va jete deyò nan chalè lajounen ak gwo fredi lannwit. Anplis, Mwen va 31pini li ak desandan li yo ak sèvitè pou inikite yo, e Mwen va mennen sou yo ak sila k ap viv Jérusalem yo, ak mesye Juda yo, tout malè ke M te deklare a yo menm yo—men yo pa t koute.”’”

Epi Jérémie te pran yon lòt woulo. Li te bay li a Baruc, fis a Nérija a, grefye a, epi li te 32ekri sou li selon dikte a Jérémie, tout pawòl a liv ke Jojakim, wa Juda a te brile nan dife a; epi anpil pawòl parèy a yo te ajoute nan yo.

Source notes (32)
  1. Cross-reference II Wa 24:1
  2. Cross-reference Jr 3:3-10
  3. Cross-reference Jon 3:10
  4. Cross-reference Jr 36:14
  5. Cross-reference Jr 32:2
  6. Cross-reference Jr 36:9
  7. Cross-reference I Wa 8:33
  8. Cross-reference Jr 1:17
  9. Cross-reference Jij 20:26
  10. Cross-reference Jr 35:4
  11. Cross-reference Jr 36:13
  12. Cross-reference Jr 36:20
  13. Cross-reference II Wa 22:10
  14. Cross-reference Jr 36:2
  15. Cross-reference Jr 36:21
  16. Cross-reference Jr 36:24
  17. Cross-reference Jn 9:10-26
  18. Cross-reference Jr 36:4
  19. Cross-reference I Wa 17:3
  20. Cross-reference Jr 36:12
  21. Cross-reference II Wa 22:10
  22. Cross-reference Jij 3:20
  23. Cross-reference I Wa 22:8-27
  24. Cross-reference Sòm 36:1
  25. Cross-reference Jen 37:22-27
  26. Cross-reference I Wa 19:1-14
  27. Cross-reference Jr 36:23
  28. Cross-reference Jr 36:4-23
  29. Cross-reference És 29:21
  30. Cross-reference II Wa 24:12-15
  31. Cross-reference Jr 23:34
  32. Cross-reference Egz 4:15-16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.