Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 37

Alò, 1Sédécias, fis a Josias ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fè wa nan peyi Juda a, te renye kon wa nan plas a Jeconia, fis a Jojakim nan. Men 2ni li menm, ni sèvitè li yo, ni pèp peyi a te koute pawòl SENYÈ a, ke li te pale pa Jérémie, pwofèt la.

Men wa Sédécias te voye Jucal, fis a Schélémia a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, kote Jérémie, pwofèt la. Li te di: 3“Souple, priye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou nou menm.”

Alò, Jérémie te toujou ap sikile pami pèp la, paske yo potko 4mete l nan prizon. Antretan, 5lame Farawon an te gen tan sòti an Égypte; epi lè Kaldeyen ki t ap fè syèj Jérusalem yo te tande rapò de yo a, yo te leve syèj la sou Jérusalem.

Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie, pwofèt la e te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Konsa nou va di a wa Juda a, ki te voye nou kote m pou mande konsèy la: “Gade byen, lame 6Farawon ki te vin parèt pou bannou asistans lan va retounen nan pwòp peyi li an Égypte. Kaldeyen yo va 7retounen pou goumen kont vil sa a, e yo va pran l pou brile l ak dife.”’”

“Konsa pale SENYÈ a: ‘Pa 8twonpe tèt nou pou nou di: “Kaldeyen yo vrèman va kite nou”, paske vrèman, yo pa prale. Paske 9menm si nou te bat tout lame Kaldeyen ki t ap goumen kont nou yo e te gen sèlman moun blese ki rete pami yo, yo chak nan tant pa yo, yo ta soulve e brile vil sa a ak dife.’”

Alò, li te vin rive ke lè lame Kaldeyen an te leve syèj Jérusalem nan akoz lame Farawon an, ke Jérémie te sòti deyò Jérusalem pou ale nan peyi Benjamin pou l ta ka 10pran posesyon a yon tèren pami pèp la. Pandan li te kote Pòtay Benjamin an, yon kapitèn nan gad la ki te rele Jireija, fis a Schélémia, fis a Hanania a, te la. Li te 11arete Jérémie, pwofèt la e te di: “W ap vin apiye Kaldeyen yo!”

Men Jérémie te di: 12“Manti! Mwen p ap apiye Kaldeyen yo”. Men li te refize koute li. Konsa, Jireija te arete Jérémie e te mennen li kote ofisye yo. Ofisye yo te fache ak Jérémie. Yo te bat li e yo te 13anprizone li lakay Jonathan, grefye a, ke yo te sèvi pou prizon.

Lè Jérémie te fin rive nan 14donjon an, sa vle di, yon chanm prizon, li te rete la pandan anpil jou. Konsa, Wa Sédécias te voye retire li. Nan palè li, wa a an sekrè te kesyone l. Li te mande: “Èske gen yon pawòl ki sòti nan SENYÈ a?”

Jérémie te reponn: “Wi, genyen!” Epi li te di: “Ou va 15livre nan men wa a Babylone nan.”

Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an? Alò, ki kote pwofèt ki te pwofetize devan ou ye, ki t ap di: 16 ‘Wa Babylone nan p ap parèt kont nou, ni kont peyi sa a’? Men koulye a, souple, koute mwen, O mèt mwen, e wa mwen: souple, kite 17demann mwen an rive devan ou, e pa fè m retounen lakay Jonathan, grefye a, pou mwen pa mouri la.”

Epi Wa Sédécias te pase lòd e yo te pase lòd selon Jérémie pou l rete nan 18lakou kay gad la. Yo te bay li yon pen ki sòti nan lari boulanje a, jiskaske tout pen nan vil la te fini nèt. Konsa, Jérémie te rete nan lakou kay gad la.

Source notes (18)
  1. Cross-reference II Wa 24:17
  2. Cross-reference II Wa 24:19-20
  3. Cross-reference I Wa 13:6
  4. Cross-reference I Wa 13:6
  5. Cross-reference I Wa 13:6
  6. Cross-reference És 30:1-3
  7. Cross-reference Jr 34:22
  8. Cross-reference Jr 29:8
  9. Cross-reference Lev 26:36-38
  10. Cross-reference Jr 32:8
  11. Cross-reference Jr 18:18
  12. Cross-reference Sòm 27:12
  13. Cross-reference Jen 39:20
  14. Cross-reference Jr 38:6
  15. Cross-reference Jr 21:7
  16. Cross-reference Jr 27:14
  17. Cross-reference Jr 36:7
  18. Cross-reference Jr 32:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.