Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 35

Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a 1Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di: “Ale lakay 2Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”

Konsa, mwen te pran Jaazania, fis a Jérémie an, fis a Habazinia a, frè li yo, tout fis li yo ak tout kay Rekabit yo, epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, 3gadyen pòt la. Epi mwen te plase devan mesye lakay Rekabit yo, krich plen ak diven ak tas, epi mwen te di yo: 4“Bwè diven!”

Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: 5 ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan. Nou pa pou bati kay e nou pa pou simen semans, ni plante chan rezen, ni achte youn; men se nan tant nou dwe viv pandan tout jou nou yo, pou nou kapab viv 6anpil jou nan peyi kote nou demere a.’ Nou te 7obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo, ni bati pou nou menm kay pou nou ta viv ladann. Nou 8pa genyen chan rezen yo, ni chan kiltive, ni semans, “Men se sèlman 9nan tant nou te rete yo. Nou te obeyi e te fè selon tout sa ke Jonadab, papa nou, te kòmande nou yo. Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”

Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: 10“Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a. 11“Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen. Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e 12pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen. Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te 13swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’

“Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, 14Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”

Epi Jérémie te di a lakay Rekabit yo: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz nou te 15obeyi lòd a Jonadab, papa nou an, nou te swiv tout lòd li yo, e te fè tout sa ke li te kòmande nou;’ Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, 16p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”

Source notes (16)
  1. Cross-reference II Wa 23:34-36
  2. Cross-reference II Wa 10:15
  3. Cross-reference I Kwo 9:18
  4. Cross-reference Am 2:12
  5. Cross-reference Lev 10:9
  6. Cross-reference Egz 20:12
  7. Cross-reference Pwov 1:8-9
  8. Cross-reference Sòm 37:16
  9. Cross-reference Jr 35:7
  10. Cross-reference És 28:9-12
  11. Cross-reference Jr 35:6-10
  12. Cross-reference Det 2:14
  13. Cross-reference Jr 35:14
  14. Cross-reference Jos 23:15
  15. Cross-reference Egz 20:12
  16. Cross-reference I Kwo 2:55

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.