Bib Sen An
Jérémie 34
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li a, ak 1tout wayòm latè ki te anba pouvwa l yo ak tout pèp yo, t ap goumen kont Jérusalem e kont tout vil li yo, ki te di: Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Ale pale a Sédécias, wa Juda a, epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, 2Mwen ap bay vil sa a pou antre nan men a wa Babylone nan, e li va brile li ak dife. 3Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”
“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, O Sédécias, wa Juda a. Konsa pale SENYÈ a konsènan ou menm, ‘Ou p ap mouri pa nepe. Ou va mouri anpè. Tankou epis yo te brile pou antèman papa zansèt ou yo, ansyen wa ki te avan ou yo, se konsa yo va brile epis pou ou. 4Yo va fè kri dèy pou ou: “Anmwey mèt nou an”, paske se Mwen ki bay mo sa a’ deklare SENYÈ a.”
Epi Jérémie te pale 5tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon 6vil fòtifye pami vil a Juda yo.
Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a apre Wa Sédécias te fin 7fè yon antant ak tout moun ki te Jérusalem yo pou libere yo: pou chak moun ta bay libète a sèvitè li e chak moun a sèvant li, yon gason Ebre oswa yon fanm Ebre; 8pou pèsòn pa ta kenbe yo, yon Jwif frè parèy yo, nan esklavaj. Epi tout 9ofisye yo ak tout pèp la te obeyi a sila ki te antre nan akò a, ke chan moun ta libere sèvitè ak sèvant li yo, pou okenn moun pa ta kenbe yo an esklavaj. Yo te obeyi e te bay yo libète. Men apre yo te fin vire, yo te reprann sèvitè ak sèvant ke yo te bay libète yo, e te fè yo soumèt ankò nan wòl sèvitè ak sèvant yo.
Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: Mwen te 10fè yon akò ak papa zansèt nou yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la. Mwen te di: 11Nan fen sèt ane yo, nou chak va libere frè Ebre ki te vann a li menm nan, e ki te sèvi nou pandan sis ane yo. Yo va voye li lib de nou menm. Men papa zansèt nou yo pa t obeyi Mwen, ni pa t panche zòrèy yo kote Mwen. Malgre sa, nan tan sa a, nou te vire fè sa ki dwat nan zye M, chak moun te pwoklame libète a vwazen li e nou te fè yon akò avèk Mwen nan kay ki rele pa non Mwen an. Men koulye a, nou te vire 12derespekte non Mwen, chak moun te reprann sèvitè ak sèvant ke nou te libere selon dezi yo, e nou te fè yo vin soumèt pou devni ankò sèvitè ak sèvant nou.
Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon 13objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo. Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te 14koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo— Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la— Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
“Sédécias, wa Juda a, ak ofisye pa l yo, Mwen va livre yo nan men lènmi pa yo, nan men a sila k ap chache lavi yo ak nan men a lame Babylone 15ki te ale kite nou an. Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon 16kote dezète san moun ki rete ladan yo.”
Source notes (16)
- Cross-reference Jr 1:15
- Cross-reference Jr 21:10
- Cross-reference II Wa 25:4-5
- Cross-reference Jr 22:18
- Cross-reference I Sam 3:18
- Cross-reference I Sam 3:18
- Cross-reference II Wa 11:17
- Cross-reference Lev 25:39
- Cross-reference Jr 26:10-16
- Cross-reference Egz 24:3-8
- Cross-reference Egz 21:2
- Cross-reference Egz 20:7
- Cross-reference Det 28:25
- Cross-reference Jen 15:10
- Cross-reference Jr 37:5-11
- Cross-reference Jr 4:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.