Bib Sen An
Jérémie 33
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou 1nan prizon nan lakou gad la. Li te di: “Konsa pale 2SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li. 3‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’ Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont 4balkon tè syèj yo e kont nepe a, ‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te 5kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo, ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo 6lapè ak verite an abondans. Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va 7rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. Mwen va 8netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo. Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan 9tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’”
Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa w ap di a: ‘Sa se yon 10dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’ vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki 11san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò 12pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va 13akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
“Nan jou sa yo e nan lè sa a,
Mwen va fè yon 14Branch ladwati a David pete vin parèt.
Li va egzekite 15lajistis ak ladwati sou tout latè.
Nan jou sa yo, Juda va vin sove
e Jérusalem va ansekirite.
Men non pa sila li va rele a: 16
SENYÈ a se ladwati nou.”
“Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David 17p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. Konsa, 18prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’”
Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka 19kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, alò, konsa sèlman,20akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’”
Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: “Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: 21 ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. Konsa pale SENYÈ a: ‘Si 22 akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo 23chèf sou desandan a Abraham, Isaac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’”
Source notes (23)
- Cross-reference Jr 32:2-8
- Cross-reference Jr 51:19
- Cross-reference Sòm 50:15
- Cross-reference Jr 32:24
- Cross-reference És 8:17
- Cross-reference És 66:12
- Cross-reference És 1:26
- Cross-reference Sòm 51:2
- Cross-reference Jr 3:17-19
- Cross-reference Jr 32:43
- Cross-reference Jr 32:43
- Cross-reference Lev 27:32
- Cross-reference És 32:1-2
- Cross-reference És 4:2
- Cross-reference És 4:2
- Cross-reference És 45:24-25
- Cross-reference II Sam 7:16
- Cross-reference Nonb 3:5-10
- Cross-reference Sòm 89:37
- Cross-reference II Sam 23:5
- Cross-reference És 7:17
- Cross-reference Jen 8:22
- Cross-reference Jen 49:10
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.