Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 30

Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: 1 ‘Ekri tout pawòl ke M te bay ou yo nan yon liv. Paske gade byen, jou yo ap vini,’ deklare SENYÈ a: ‘lè Mwen va restore fòtin pèp Mwen an, 2Israël ak Juda,’ Senyè a di. ‘Anplis, Mwen va mennen yo retounen nan peyi ke m te bay a papa zansèt yo, e yo va posede li.’”

Alò, sila yo se pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Israël e konsènan Juda: Paske konsa pale SENYÈ a:

“Mwen te tande son a yon 3gwo laperèz,

a yon gwo krent;

pa gen lapè.

Mande koulye a pou wè si yon gason kapab fè pitit.

Poukisa Mwen wè tout gason ak men li sou ti vant yo, 4

konsi se fanm k ap fè pitit?

Epi poukisa tout figi yo vin pal konsa?

Elas, paske jou sa a gran, pa gen ki parèy a li.

Li se lè a 5gwo doulè Jacob la;

men li va sove de li.

“Li va vin rive nan jou sa a, deklare SENYÈ dèzame yo:

ke Mwen va 6kraze jouk li a soti sou kou nou.

Mwen va chire kòd yo,

e etranje yo p ap fè yo esklav ankò.

Men yo va sèvi SENYÈ a, Bondye pa yo a

e 7David, wa yo a, ke Mwen va fè leve wo pou yo.

Pa pè anyen, O Jacob, sèvitè Mwen an,” deklare SENYÈ a:

“Epi pa pèdi kouraj, O Israël;

paske gade byen, Mwen va sove ou soti lwen

e posterite ou soti nan peyi kaptivite yo.

Jacob va retounen,

Li va kalm, alèz,

e 8nanpwen moun k ap fè l pè.

Paske Mwen avèk ou, deklare SENYÈ a, pou sove ou;

paske Mwen va detwi nèt tout nasyon kote Mwen te gaye ou yo,

sèlman ou menm ke M p ap detwi nèt.

Men m ap fè ou korije fil a mezi;

Mwen p ap kite ou san pinisyon.”

Paske konsa pale SENYÈ a:

“Blesi ou yo pa kab geri,

e 9kondisyon ou byen grav.

Nanpwen moun ki pou plede koz ou;

pa gen gerizon pou maleng nan, 10ni ou p ap ka refè.

Tout moun ki renmen ou yo fin bliye ou,

yo pa chache ou;

paske Mwen te blese ou ak blesi a yon lènmi,

ak pinisyon a yon moun ki mechan,

akoz inikite ou gran e peche ou anpil.

Poukisa w ap kriye akoz blesi ou yo?

Doulè ou a pa gen gerizon.

Akoz inikite ou yo gran e peche ou yo anpil,

Mwen te fè ou sa a.

Akoz sa, tout sila ki 11devore ou yo va vin devore;

epi tout advèsè ou yo, yo chak, yo va antre an kaptivite.

Sila ki piyaje ou yo va tounen piyaj yo menm,

e tout sila yo ki fè nou vin viktim yo,

va vin viktim yo menm.

Paske M ap fè ou 12reprann lasante,

e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:

“Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”

Konsa pale SENYÈ a:

“Gade byen, Mwen va restore fòtin a tant a Jacob yo,

e gen konpasyon pou lakay li yo;

vil la va rebati sou ranblè li yo

e 13palè a va kanpe nan pwòp plas li.

Nan yo menm, va sòti remèsiman ak vwa a sila k ap fè fèt yo.

Mwen va miltipliye yo e yo p ap diminye;

anplis, Mwen va bay yo 14glwa, e yo p ap meprize;

Pitit pa yo tou va tankou oparavan,

e kongregasyon yo va 15etabli devan M.

Mwen va pini tout sila k ap oprime yo.

Chèf pa yo va youn nan yo,

e sila ki gouvène yo va sòti nan mitan yo.

Mwen va 16mennen li toupre,

e li va vin toupre Mwen;

paske se kilès ki ta gen kouraj pou pwoche M?” deklare SENYÈ a.

“Nou va vin pèp Mwen e Mwen va vin Bondye pa nou.”

Gade byen, 17tanpèt SENYÈ a, kòlè Li fin depanse nèt,

yon tanpèt k ap ravaje;

li va eklate sou tèt a mechan yo. 18

Kòlè fewòs SENYÈ a p ap detounen jiskaske li fin fè,

jiskaske li fin acheve entansyon a kè Li.

Nan dènye jou yo, ou va konprann sa.”

Source notes (18)
  1. Cross-reference És 30:8
  2. Cross-reference Jr 3:18
  3. Cross-reference És 5:30
  4. Cross-reference Jr 4:31
  5. Cross-reference Jr 2:27-28
  6. Cross-reference És 9:4
  7. Cross-reference És 55:3-5
  8. Cross-reference Mi 4:4
  9. Cross-reference II Kwo 36:16
  10. Cross-reference Jr 14:19
  11. Cross-reference Jr 2:3
  12. Cross-reference Egz 15:26
  13. Cross-reference I Kwo 29:1-19
  14. Cross-reference És 55:5
  15. Cross-reference És 54:14
  16. Cross-reference Nonb 16:5
  17. Cross-reference Jr 23:19
  18. Cross-reference Jr 4:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.