Bib Sen An
Jérémie 29
Alò, sila yo se pawòl a 1lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo, ansanm ak prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, ( lè Wa 2Jeconia ak manman rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a 3Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar. Li te di:
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te 4voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo: 5 “Bati kay e viv nan yo. Plante jaden e manje pwodwi yo. Pran 6madanm e vin papa a fis ak fi. Pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo, epi vin miltipliye la e pa diminye. Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la, e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.” Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite 7pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. Paske yo 8fè fo pwofesi bannou nan non Mwen. Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a. Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè 9swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou, e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. Paske Mwen konnen 10plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. Epi nou va 11rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. Nou va 12chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. Mwen va vin 13twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”
Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt yo pou nou Babylone”— Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la, e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki 14pa t antre ak nou an egzil yo— Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo 15nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann, e ki pa ka manje akoz yo pouri nèt. Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo. Mwen va fè yo jete ale retou pami tout wayòm latè yo, pou yo kapab vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon 16madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo, akoz yo 17pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te 18voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo. “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a, e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap 19fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou. Akoz yo menm, yon 20madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, akoz yo te aji ak foli an Israël. Yo te 21komèt adiltè ak madanm a vwazen yo, e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè. Mwen se Sila ki konnen, e Mwen se temwen,” deklare SENYÈ a.’”
A 22Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye 23lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di: “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou 24mete li nan sèp ak nan kolye an fè. Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a 25Anathoth ki fè pwòp tèt li pwofèt ou menm nan? Paske, li te 26voye nou Babylone e li te di: Egzil la va byen long. Bati kay pou viv. Plante jaden pou manje pwodwi yo.”’” 27
Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la. Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di: “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te 28pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo. 29Li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.”’”
Source notes (29)
- Cross-reference II Kwo 30:1-6
- Cross-reference II Wa 24:12-16
- Cross-reference I Kwo 6:13
- Cross-reference Jr 24:5
- Cross-reference Jr 29:28
- Cross-reference Jr 16:2-4
- Cross-reference Jr 27:9
- Cross-reference Jr 27:15
- Cross-reference II Kwo 36:21-23
- Cross-reference Sòm 40:5
- Cross-reference Sòm 50:15
- Cross-reference Det 4:29
- Cross-reference Det 30:1-10
- Cross-reference Jr 38:2-23
- Cross-reference Jr 27:8
- Cross-reference És 65:15
- Cross-reference Jr 6:19
- Cross-reference Jr 24:5
- Cross-reference Jr 14:14-15
- Cross-reference És 65:15
- Cross-reference Jr 5:8
- Cross-reference Jr 29:31-32
- Cross-reference Jr 29:1
- Cross-reference Trav 16:24
- Cross-reference Jr 1:1
- Cross-reference Jr 29:1
- Cross-reference Jr 29:25
- Cross-reference Jr 14:14-15
- Cross-reference I Sam 2:30-34
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.