Bib Sen An
Jérémie 28
Alò, nan menm ane a, nan kòmansman règn a 1Sédécias, wa Juda a, nan katriyèm ane, nan senkyèm mwa Hanania, fis a Azzur a, pwofèt ki te sòti nan Gabaon an, te pale ak mwen lakay SENYÈ a, nan prezans a prèt yo e a tout pèp yo. Li te di: 2“Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, ‘Mwen te kraze jouk wa Babylone nan. Pandan dezan Mwen va fè rive nan plas sa a, 3tout veso lakay SENYÈ yo, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pran fè sòti nan plas sa a pou te pote Babylone yo. Anplis, Mwen va mennen fè retounen nan plas sa a, Jeconia, fis a Jojakim nan, wa a Juda a ak tout egzile Juda ki te ale Babylone yo,’ deklare SENYÈ a, ‘paske Mwen va kraze fado a wa a Babylone nan.’”
Answit pwofèt Jérémie te pale ak pwofèt Hanania nan prezans a prèt yo, e nan prezans a tout moun ki te kanpe 4lakay SENYÈ yo, epi pwofèt Jérémie te di: 5“Amen! Ke SENYÈ a fè l konsa. Ke SENYÈ a kapab konfime pawòl ke ou te pale yo, pou fè mennen retounen veso lakay SENYÈ yo, e tout moun ki ekzile yo, sòti Babylone pou antre nan plas sa a. Malgre sa, 6tande pawòl sa a ke m prèt pou pale nan tande pa w ak tande a tout pèp la! Pwofèt ki te avan mwen yo, e avan ou depi nan tan ansyen an, te 7pwofetize kont anpil peyi e kont gwo wayòm, pou lagè, pou kalamite ak envazyon ensèk ki ta ravaje peyi yo. Pwofèt ki te pwofetize lapè a, 8lè pwofesi sa a vin rive; alò, pwofèt sa a va vin rekonèt kon yon pwofèt ke SENYÈ te vrèman voye.”
Alò Hanania, pwofèt la, te retire 9jouk la sou kou Jérémie e te kraze li. Hanania te pale nan prezans a tout pèp la e te di: 10“Konsa pale SENYÈ a, ‘Menm konsa, avan dezan, Mwen va kraze jouk Nebucadnetsar, wa Babylone nan, fè l sòti sou kou a tout nasyon yo.’” Alò, pwofèt Jérémie te al fè wout li. 11
Pawòl SENYÈ a te rive kote Jérémie lè Hanania te fin kraze jouk la sou kou pwofèt Jérémie an. Li te di: “Ale pale ak Hanania e di: ‘Konsa pale SENYÈ a, “Ou te kraze jouk ki fèt an bwa yo, men ou fè rive olye de yo, jouk yo ki fèt an fè.” Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Mwen te mete yon 12jouk fèt an fè sou kou a tout nasyon sila yo, pou yo ka sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan; epi yo va sèvi li. Anplis, Mwen te bay li bèt chan yo.”’”
Epi Jérémie, pwofèt la, te di a Hanania, pwofèt la: “Koute koulye a, Hanania, SENYÈ a pa t voye ou e 13ou te fè pèp sa a kwè nan yon manti. Pou sa, se konsa SENYÈ a pale: ‘Gade byen, Mwen prèt pou retire ou sou sifas tè a. Ane sa a, ou va mouri, akoz ou te 14konseye rebelyon kont SENYÈ a.’” Se konsa Hanania, pwofèt la, te mouri nan menm ane sa a nan setyèm mwa a.
Source notes (14)
- Cross-reference II Wa 24:18-20
- Cross-reference Jr 27:12
- Cross-reference II Wa 24:13
- Cross-reference Jr 28:1
- Cross-reference I Wa 1:36
- Cross-reference I Wa 22:28
- Cross-reference Lev 26:14-39
- Cross-reference Det 18:22
- Cross-reference Jr 27:2
- Cross-reference Jr 14:14
- Cross-reference Jr 1:2
- Cross-reference Det 28:48
- Cross-reference Jr 20:6
- Cross-reference Det 13:5
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.