Bib Sen An
Jérémie 27
Nan kòmansman règn wa 1Sédécias, fis a Josias la, wa Juda a, pawòl sa a te rive kote Jérémie soti nan SENYÈ a, epi te di, Konsa SENYÈ a pale ak mwen: “Fè pou kont ou 2lyen ak jouk e mete yo sou kou ou. Epi voye pawòl kote wa 3Edom an, wa Moab la, wa a fis Ammon yo, wa Tyre la e wa a Sidon an pa mesaje ki vini Jérusalem kote Sédécias, wa Juda a. Kòmande yo ale kote mèt pa yo e di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsa nou va di a mèt nou yo, “Mwen te fè latè, lèzòm ak bèt ki sou sifas latè yo 4pa gran pouvwa Mwen ak men M lonje, e Mwen va bay li a sila ki fè M plezi nan zye mwen. Koulye a, Mwen 5te bay tout peyi sila yo nan men a Nebucadnetsar, wa Babylone, sèvitè Mwen an e Mwen te bay li, anplis, bèt sovaj chan yo pou sèvi li. Tout nasyon yo va sèvi li e fis li ak gran fis li jis rive nan lè pwòp peyi li vini. Nan moman sa a, anpil nasyon ak anpil wa va fè li vin sèvitè yo.”’”
“Li va rive ke nasyon oswa wayòm ki refize sèvi Nebucadnetsar, wa Babylone nan, e ki pa mete kou li anba jouk a wa Babylone nan, Mwen va pini nasyon sa a ak 6nepe a, ak gwo grangou e ak envazyon ensèk k ap ravaje tout chan yo,” deklare SENYÈ a: “jiskaske Mwen fin detwi nasyon sa a pa men li.
“Men pou nou menm, 7pa koute pwofèt nou yo, divinò nou yo, moun ki fè rèv yo, moun k ap devine yo, ni sila ki fè wanga yo, k ap di: ‘Nou p ap sèvi wa Babylone nan’. Paske pwofesi pa yo se 8manti y ap bannou pou yo deplase nou ale lwen peyi nou, pou fè M ta pouse bourade nou deyò e nou va peri. Men nasyon an ki 9bese kou li anba jouk wa Babylone nan e ki sèvi li, Mwen va kite li nan peyi li,” deklare SENYÈ a. “Konsa, yo va travay tè a pou viv ladann.”
Mwen te pale pawòl tankou sila yo a 10Sédécias, wa Juda a. Mwen te di l: “Mennen kou nou anba jouk a wa Babylone nan pou sèvi li ak pèp li a, e viv! Poukisa nou va 11mouri, nou menm avèk pèp nou an, pa nepe, gwo grangou, ak ravaj bèt ki manje tout chan yo, kon SENYÈ a te pale a nasyon sa a ki refize sèvi wa Babylone nan? Konsa, 12pa koute pawòl a pwofèt k ap pale ak nou, k ap di: ‘Nou p ap oblije sèvi wa Babylone nan,’ paske y ap fè pwofesi manti a nou menm. Paske 13Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a: “Yo fè fo pwofesi nan non Mwen, pou m ka pouse bourade nou deyò pou nou ka peri, nou menm ak pwofèt ki fè pwofesi sa yo bannou yo.”
Apre, mwen te pale ak prèt yo e a tout pèp sa a. Mwen te di: “Konsa pale SENYÈ a: Pa koute pawòl a pwofèt nou yo ki fè pwofesi bannou ki di: ‘Gade byen, 14veso lakay SENYÈ yo va retounen rapid soti Babylone;’ paske yo fè pwofesi manti bannou. Pa koute yo. Sèvi wa Babylone nan e viv! Poukisa vil sa a ta dwe 15detwi nèt? Men 16si se pwofèt yo ye, e si pawòl SENYÈ a avèk yo, kite yo koulye a fè demann a SENYÈ dèzame yo, pou veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo pa ale Babylone. Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan 17pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a, ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè 18sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo. Wi, se konsa SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, te pale konsènan veso ki rete lakay SENYÈ yo, lakay wa Juda a ak Jérusalem yo, ‘Yo va pote rive Babylone e yo va la jis rive jou ke m vizite yo a,’ deklare SENYÈ a. ‘Apre, Mwen va 19mennen yo retounen e restore yo nan plas sa a.’”
Source notes (19)
- Cross-reference II Wa 24:18-20
- Cross-reference Jr 30:8
- Cross-reference Jr 25:21-22
- Cross-reference Det 9:29
- Cross-reference Jr 21:7
- Cross-reference Jr 24:10
- Cross-reference Egz 22:18
- Cross-reference Jr 23:25
- Cross-reference Jr 27:2-12
- Cross-reference Jr 27:3
- Cross-reference Pwov 8:36
- Cross-reference Jr 27:9
- Cross-reference Jr 23:21
- Cross-reference II Wa 24:13
- Cross-reference Jr 7:34
- Cross-reference I Wa 18:24
- Cross-reference I Wa 7:15
- Cross-reference II Wa 24:12-16
- Cross-reference Esd 1:7-11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.