Bib Sen An
Jérémie 31
“Nan lè sa a”, deklare SENYÈ a: “Mwen va vin 1Bondye a tout fanmi Israël yo, e yo va vin pèp Mwen.”
Konsa pale SENYÈ a: “Pèp ki te chape de nepe a, 2te jwenn gras nan dezè a— Israël la menm, lè M te bay li repo li.”
SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:
“Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.
Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous. 3
Yon lòt fwa ankò, Mwen va bati ou,
e ou va vin rebati, O vyèj Israël la!
Yon lòt fwa, ou va reprann tanbouren ou yo.
Ou va vin parèt nan dans a sila k ap fete yo.
Yon lòt fwa, ou va 4plante chan rezen yo sou kolin Samarie yo.
Plantè yo va plante e yo va kontan ak fwi li.
Paske jou a va rive lè gadyen
sou kolin Éphraïm yo va kriye fò:
‘Annou leve! Annou 5monte Sion, kote SENYÈ a, Bondye nou an.’”
Paske konsa pale SENYÈ a:
“Chante anlè ak kè kontan pou Jacob,
e kriye fò pami chèf nasyon yo.
Pwoklame, bay lwanj epi di:
‘O SENYÈ 6sove pèp Ou a, retay Israël la!’
Gade byen, Mwen ap mennen yo sòti nan peyi nò a,
e Mwen va ranmase yo soti nan pati pi lwen latè a.
Pami yo, avèg ak 7bwate yo,
fanm lan ak pitit li,
ak sila ki gen doulè tranche ansanm.
Yon gran konpanyen, yo va retounen isit la.
Ak dlo nan zye, yo va vini.
Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo;
Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo,
sou yon chemen dwat kote yo p ap 8tonbe a;
paske Mwen se yon Papa pou Israël.
Éphraïm se premye ne Mwen.”
“Tande pawòl SENYÈ a, O nasyon yo!
E deklare nan peyi kot byen lwen yo,
epi di: ‘Sila ki te gaye Israël la, va ranmase li,
e kenbe li kon yon 9bèje k ap gade bann mouton li.’
Paske SENYÈ a te 10rachte Jacob.
Li te rachte l soti nan men a sila ki te pi fò pase l.
Yo va vin kriye fò ak lajwa sou 11wotè a Sion yo,
e yo va gen kè kontan nèt sou bonte SENYÈ a,
sou sereyal ak diven tounèf, ak lwil
e sou jenn a bann mouton an ak twoupo a.
Nanm yo va tankou yon jaden wouze.
Yo p ap janm soufri tristès ankò.
Epi vyèj la va rejwi nan dans lan,
ansanm ak jennonm yo ak ansyen yo;
paske Mwen va 12fè tristès yo vin tounen lajwa.
Mwen va rekonfòte yo,
e bay yo kè kontan pou ranplase tristès yo.
Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans,
e pèp Mwen an va 13satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ a, 14
“Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo
ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo.
Rachel ap kriye pou pitit li yo.
Li refize rekonfòte pou pitit li yo,
akoz yo pa la ankò.”
Konsa pale SENYÈ a:
“Anpeche vwa ou k ap kriye,
ak zye ou ap fè dlo;
paske 15travay ou va vin rekonpanse,” deklare SENYÈ a:
“Yo va retounen sòti nan peyi ènmi an.
Gen 16espwa davni pou ou,” deklare SENYÈ a:
“Pitit ou yo va retounen nan peyi pa yo.
“Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè:
‘Ou te fè m 17 sibi chatiman.
Mwen te sibi chatiman
tankou yon jenn bèf ki poko fin donte.
Mennen m pou m ka restore,
paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.
Paske lè m te retounen, mwen te 18repanti.
Epi apre mwen te enstwi.
Mwen te frape pwòp kwis mwen.
Mwen te vin wont e twouble menm;
paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’
Èske 19Éphraïm se fis Mwen?
Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi?
Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou;
konsa kè M gen gwo dezi pou li.
Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.
“Plase pou ou menm ransèyman chemen yo;
mete pou kont ou poto k ap dirije.
Konsantre tout panse ou sou direksyon gran chemen an,
wout sou sila ou te ale a. 20
Retounen, O vyèj Israël;
retounen kote vil sila yo, vil pa w yo.
Pou konbyen de tan ou va fè ale retou,
O 21fi ki enfidèl?
Paske SENYÈ a te fè yon bagay nèf sou latè:
yon fanm va antoure yon nonm.”
Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Yon fwa ankò, yo va pale pawòl sa a nan peyi Juda ak nan vil li yo lè M fin restore bonè li: ‘Ke SENYÈ a beni ou, O 22kay ladwati a, O mòn sen an!’ Juda ak tout vil li yo va demere ansanm ladann, kiltivatè a ak sila k ap deplase ak bann mouton li yo. 23Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”
Nan moman sa a, mwen te 24reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.
“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè M va 25plante lakay Israël ak lakay Juda avèk semans a lòm e avèk semans a bèt. Konsi Mwen te veye sou yo pou rache yo, pou kraze yo, pou boulvèse yo, pou detwi yo, e pou mennen gwo dezas; se konsa mwen va veye sou yo pou 26bati e pou plante,” deklare SENYÈ a. “Nan jou sa yo, yo p ap di ankò: 27
‘Papa yo te manje rezen si,
e dan timoun yo vin kanpe apik.’
Men 28chak moun va mouri akoz pwòp inikite pa li. Chak moun ki manje rezen si yo, se pwòp dan pa l k ap vin kanpe apik.
“Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon 29akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, pa tankou 30akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a: 31
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
“Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e 32peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
SENYÈ a ki 33bay solèy kon limyè nan lajounen
e ki etabli lòd pou lalin ak zetwal yo pou bay limyè nan aswè,
ki boulvèse lanmè a jis lanm li gwonde—
SENYÈ dèzame yo se non Li, k ap di: 34
“Si lòd sa a vin deregle devan M, deklare SENYÈ a:
“Alò desandan Israël yo osi va sispann
kon yon nasyon devan M, jis pou tout tan.”
Konsa pale SENYÈ a: “35Si syèl anwo yo ka mezire,
e fondasyon tè yo ka kontwole pa anba;
alò, Mwen va osi jete tout desandan Israël yo nèt
pou tout sa yo te fè yo,” deklare SENYÈ a.
“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “Lè 36vil la va rebati pou SENYÈ a, soti nan fò Hananeel la jis rive nan Pòtay Kwen an. Konsa 37lign mezi a va kontinye ale tou dwat jis rive nan kolin Gareb, epi li va vire Goath. “Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv 38Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”
Source notes (38)
- Cross-reference Jr 30:22
- Cross-reference Nonb 14:20
- Cross-reference Jr 24:6
- Cross-reference Sòm 107:37
- Cross-reference És 2:3
- Cross-reference Sòm 28:9
- Cross-reference Éz 34:16
- Cross-reference És 63:13
- Cross-reference És 40:11
- Cross-reference És 44:23
- Cross-reference Éz 17:23
- Cross-reference És 61:3
- Cross-reference Jr 50:19
- Cross-reference Mat 2:18
- Cross-reference Rt 2:12
- Cross-reference Jr 29:11
- Cross-reference Job 5:17
- Cross-reference Éz 36:31
- Cross-reference Os 11:8
- Cross-reference És 48:20
- Cross-reference Jr 3:6
- Cross-reference És 1:26
- Cross-reference Sòm 107:9
- Cross-reference Za 4:1
- Cross-reference Éz 39:11
- Cross-reference Jr 24:6
- Cross-reference Lam 5:7
- Cross-reference Det 24:16
- Cross-reference Jr 32:40
- Cross-reference Egz 19:5
- Cross-reference Sòm 40:8
- Cross-reference És 43:25
- Cross-reference Jen 1:14-18
- Cross-reference Am 9:8-9
- Cross-reference És 40:12
- Cross-reference Jr 30:18
- Cross-reference Za 2:1
- Cross-reference II Sam 15:23
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.