Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 16

Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: “Ou p ap pran yon madanm pou ou menm, ni fè fis ak fi nan kote sa a.” Paske konsa pale SENYÈ a konsènan fis ak fi ki fèt nan plas sila a, e konsènan 1manman yo ki te fè yo ak papa yo ki te fè yo nan peyi sa a: “Yo va 2mouri mò yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”

Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan 3kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regrèt yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.” Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki 4blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo. Pèsòn p ap 5kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.

“Anplis, ou 6pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.” Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va 7elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou. Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: 8 ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’ Nan lè sa a, ou gen pou di yo: 9 ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an. Nou tou, te fè mal 10plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen. Akoz sa, Mwen va 11jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’

“Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan 12peyi Égypte la’, Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo 13soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.

“Gade byen, Mwen ap voye anpil 14moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo. Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, 15ni inikite yo pa kache devan zye M. Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te 16fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”

O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an

e 17sekou mwen an nan jou gwo malè a,

vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè.

Yo va di:

“Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti

sa ki pouryen, san enpòtans e san benefis.”

Èske lòm dwe fè dye pou kont li,

malgre 18se pa dye yo ye?

“Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen,

fwa sa a, Mwen va 19fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen.

Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”

Source notes (19)
  1. Cross-reference Jr 15:8
  2. Cross-reference Jr 15:2
  3. Cross-reference Éz 24:16-23
  4. Cross-reference Det 14:1
  5. Cross-reference Det 14:1
  6. Cross-reference Ekl 7:2-4
  7. Cross-reference Jr 7:34
  8. Cross-reference Det 29:24
  9. Cross-reference Det 29:25
  10. Cross-reference Jr 7:26
  11. Cross-reference Det 4:26-27
  12. Cross-reference Egz 20:2
  13. Cross-reference Sòm 106:47
  14. Cross-reference Am 4:2
  15. Cross-reference Jr 2:22
  16. Cross-reference Nonb 35:33-34
  17. Cross-reference Na 1:7
  18. Cross-reference Sòm 115:4-8
  19. Cross-reference Sòm 9:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.