Bib Sen An
Jérémie 17
Peche a Juda ekri ak yon plim fèt an fè,
ak yon pwent dyaman.
Li 1grave sou tablo kè yo,
ak sou kòn lotèl pa yo.
Menm jan yo sonje 2pitit pa yo,
se konsa yo sonje lotèl pa yo,
ak Asherim sou kote bwa vèt, sou wo kolin yo.
O 3mòn nan vil andeyò Mwen an,
Mwen va bay yo tout richès ou yo
ak tout trezò ou yo kon piyaj,
wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.
Epi ou va menm pou kont ou, 4kite eritaj ke M te ba ou la.
Konsa, Mwen va fè ou sèvi lènmi ou yo
nan peyi ke ou pa konnen an;
paske ou te limen nan kòlè Mwen yon dife
ki va brile jis pou tout tan.
Konsa pale SENYÈ a: 5
“Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,
ki fè lachè vin fòs li,
ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.
Paske li va tankou 6bwa raje nan dezè;
li p ap janm wè lè bonè rive,
men li va viv pami wòch savann nan dezè a,
nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.
“Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki 7mete konfyans li nan SENYÈ a.
Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane 8sechrès la,
ni sispann bay fwi.
Kè lòm plen 9 manti plis ke tout lòt yo.
Nanpwen lasante ladann.
Se kilès ki ka konprann li?
“Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;
Mwen pase panse a leprèv, 10
pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,
selon fwi a zèv li yo.”
Kon yon pentad ki kale ze ki pa t pou li,
se konsa sila ki ranmase richès san dwa.
Nan mitan jou li yo, yo va kite li,
e lè vi l fini, li va yon 11moun bèt. 12
Yon twòn plen ak laglwa plase an wo,
depi kòmansman an, se li ki azil nou.
O SENYÈ, espwa Israël la,
tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont.
Sila yo ki kite Mwen sou latè yo,
sou latè non yo va vin 13enskri,
akoz yo te abandone SENYÈ a,
sous dlo vivan an. 14
Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt!
Sove mwen e mwen va sove!
Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.
Gade, y ap 15di mwen tout tan:
“Kote pawòl SENYÈ a?
Kite l ranpli koulye a”.
Men pou mwen menm, mwen pa t kouri
pou m ta sispann fè bèje pou Ou,
ni mwen pa t anvi wè jou malè sa a. 16
Ou konnen!
Tout pawòl lèv mwen yo te nan prezans Ou.
Pa 17 fè m gwo laperèz.
Ou se azil mwen nan jou gwo twoub la.
Ke sila ki pèsekite mwen yo vin wont,
men pou mwen menm, pa kite mwen vin wont;
kite yo twouble nèt, men pa kite m vin twouble. 18
Mennen sou yo yon jou gwo twoub.
Detwi yo ak yon destriksyon ki doub!
Konsa SENYÈ a te pale mwen: “Ale kanpe nan pòtay piblik la, kote wa Juda yo fè antre sòti a, nan tout pòtay Jérusalem yo. Pale yo konsa: 19 ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo, e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay yo: Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e 20pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan. Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa 21fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo. Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije. Men li va vin rive ke si ou 22koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li, 23alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan. Yo va antre ladann soti nan 24vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo; soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, k ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a. Men 25si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”
Source notes (25)
- Cross-reference Pwov 3:3
- Cross-reference Jr 7:18
- Cross-reference Jr 26:18
- Cross-reference Jr 12:7
- Cross-reference Sòm 146:3
- Cross-reference Jr 48:6
- Cross-reference Sòm 40:4
- Cross-reference Sòm 1:1
- Cross-reference Wo 7:11
- Cross-reference Sòm 62:12
- Cross-reference Luc 12:20
- Cross-reference Jr 3:17
- Cross-reference Luc 10:20
- Cross-reference Jr 30:17
- Cross-reference És 5:19
- Cross-reference Jr 12:3
- Cross-reference Sòm 88:15
- Cross-reference Sòm 35:8
- Cross-reference Esd 2:7
- Cross-reference Nonb 15:32-36
- Cross-reference Egz 16:23-29
- Cross-reference Egz 15:26
- Cross-reference Jr 22:4
- Cross-reference Jr 32:44
- Cross-reference És 1:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.