Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jérémie 15

Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si 1Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt! Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale:

“Sila ki 2pou mouri yo, a lanmò;

ak sila ki pou nepe yo, a nepe;

sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a;

e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.”’

“Mwen va 3chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo. Mwen va 4fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”

“Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem?

Oswa kilès k ap 5fè gwo kri pou ou?

Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?

Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a,

“Ou kontinye ap fè bak.

Pou sa, Mwen te 6lonje men M kont ou

e Mwen te pou detwi ou.

Mwen bouke demontre ou konpasyon!

Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a.

Mwen te 7prive yo de pitit yo.

Mwen te detwi pèp Mwen an.

Yo pa t vire kite chemen yo. 8

Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen.

Mwen te fè parèt kont yo;

kont manman a yon jennonm,

yon destriktè a midi.

Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.

Sila ki te 9fè sèt pitit gason te vin chagren;

li te rale denyè souf.

Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen;

li te soufri wont e li te menm imilye.

Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo

devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.

Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen,

yon 10nonm ki fè twoub leve,

yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a!

Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen;

malgre sa, yo tout ban m madichon.

SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va 11bay ou fòs pou sa ki bon.

Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou

nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.

Èske yon moun ka kraze fè; 12

fè ki sòti nan nò, oswa bwonz?

Mwen va bay gwo richès ou ak trezò ou yo,

kon piyaj ki 13san frè;

sa a, konsa, pou tout peche ou yo,

menm anndan tout lizyè ou yo.

Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon 14

peyi ke ou pa konnen;

paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen

ki va brile sou ou.” 15

Ou menm ki konnen, O SENYÈ,

sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.

Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;

rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.

Pawòl Ou yo te vin twouve;

mwen te 16manje yo.

Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa

ki fè kè m rejwi;

paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.

Mwen 17pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch,

ni mwen pa t vante tèt mwen wo.

Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen,

paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.

Poukisa, doulè mwen an rete tout tan,

e18blese mwen an rete san gerizon?

Èske Ou menm, anverite,

va devni pou mwen kon yon sous twonpe,

ak dlo sou sila yo pa ka depann?

Konsa, pale SENYÈ a: 19

“Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò

pou ou kanpe devan M.

Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè,

ou va vin tankou bouch Mwen.

Yo va retounen kote ou;

men ou menm, ou p ap retounen kote yo menm.

Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz.

Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou;

paske 20Mwen avèk ou pou ba ou sekou

e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.

“Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo

e Mwen va 21rachte ou soti nan men a vyolan yo.”

Source notes (21)
  1. Cross-reference Egz 32:11-14
  2. Cross-reference Jr 14:12
  3. Cross-reference Lev 26:16-25
  4. Cross-reference Lev 26:33
  5. Cross-reference Na 3:7
  6. Cross-reference És 1:4
  7. Cross-reference Jr 18:21
  8. Cross-reference És 3:25-26
  9. Cross-reference I Sam 2:5
  10. Cross-reference Jr 1:18-19
  11. Cross-reference Sòm 138:3
  12. Cross-reference Jr 28:14
  13. Cross-reference Sòm 44:12
  14. Cross-reference Sòm 44:12
  15. Cross-reference Jr 12:3
  16. Cross-reference Éz 3:3
  17. Cross-reference Sòm 1:1
  18. Cross-reference Job 34:6
  19. Cross-reference Job 34:6
  20. Cross-reference Sòm 46:7
  21. Cross-reference Jen 48:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.